Bèl Moun-Ti Fane

Genre-Other
Year-2013
Featuring-Stan
Ou pa menm jan ak pèson mwen janm konnen
Ou gen yon bote natirèl entelijans ou pa manke fè w byen
Repons ou toujou sou pwent, bouch ou
M renmen wè lè w ap mache, mwen tande lè w ap pale
Vwa w gen yon chalè ladan l, li
Chofe zorèy mwen, li dousi kè m
Lè ou ri, ou fè m anvi ri tou
Defo, defo, defo defo w yo,
Fè yon konbinezon ak tout sa k nan ou ki bon

[Chorus]
Ou se yon, bèl bèl bèl bèl moun,
Anndan ou se yon, bèl bèl bèl bè moun
Bèl bèl bèl bèl moun, nan je m ou se yon
bèl bèl bèl bèl moun, yeah
Toujou pare pou bay, tout sa ou genyen
Ou renmen jwi lavi, ou pa janm chèche konplike anyen
Ou pa janm, envizib kote’w, pase
Gen sa ki pran plezi ba w kout lang, m pran plezi pou m defann ou
Ou toujou fe soley la, konfians pou li leve, le’l fin desann
Lè ou ri, ou fè moun anvi ri, tou
Defo, defo, defo defo’w yo,
Fè yon konbinezon ak tout sa’k nan ou ki bon

[Chorus]
Ou se yon, bèl, bèl, bèl bèl moun,
Anndan ou se yon, bèl bèl bèl bè moun,
bèl, bèl, bèl bèl moun, nan je m ou se yon
bèl, bèl, bèl bèl moun, yeah
koulè po w pa di’m anyen, se kalite w ki enpótan pou mwen
ou se yon bèl

[Chorus]