Doub Blan-Baky

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2017
Produced By-Big O
Lyrics By-Baky
Fame studio

Kou m kòmanse gen inosan k pral tonbe kriz
Aprè masak sa m pral fin fè la fò m ta tou antre legliz
Papa priye pou mwen m pap kite rap ban m asire l
Men lè m peche fò m ka avwè, konsekans yo fò m asime
Beef sa se pou mwen m pa vle lòt nèg antre ladan l
Si w atake m m ap atake w m kwè nou konn tanperaman m
Yo te di m pa reponn men w konn Baky pa viv sou lòd
Donk leve je n men m ap vini m pa bezwen team m ap vin poukò m
Pou dat ou anvi m etèn, pou dat w ap tire pwent
M al nan peyi anm se pa pou rap m konnen w pral de e pwen
Pral wè kijan w pral pèdi plas poutèt ògèy
Jis on grenn bar nan koudeta, w te gentan prè pou w fè lòbèy
Men m kwè ou pral regret se hip-hop mwen pral anseye w
Ou wè si staff ou te renmen w se pa sa yo tap konseye w
Yo tap di w fèmen Baky sa s on rèv ki pap janm reyèl
Ban m fò w sonje si w vin atis se paske w te bat yon rebel
M tap joure si m te konn rap sou emosyon
Se paske m te vle ba w bourad sak fè m te al rap sou inosan
Kounya w vin gen limyè di mèsi God la l te kreye w
Men pa bliye te gen on epòk ki ti balèn ki tap briye w
Lè m tap ede w se paske m te kwè nan talan w
Malgre m konnen m ta pral regrèt m te kite on kochon pran salon
Gran savan wap fè l poukò w lè w nan mizè wap rele moun
Si w gad jan sou jan lèzòm engra kwè m sou chimen w w pap ede youn
Rap ap rete rap, chante ap ret chante
Sa k renmen bay ap toujou bay
Ou menm wap toujou nan mande
M te vle kite ras paske m wè m pat gentan ase
E si m te pwodwi plis menm devan Nas m tap gentan pase
M soti lwen se sak fè karyè m paka kout
Sa se rap kri sa se rap G se pa rap ala cute
San dout ou pap anyen si n ta etire kanaval
E pran Roody pou gran rapè kòm si w retire katafal
Se pou flannè kap pase tray prinsip n antre pou n bay
Si w pat dakò pran koudeta, ma plage dwat nan dechoukay
Verite m se dife, so m ka konprann si m te brile w
Si w pile on chen fòk li jape, padon Roody si m te pile w
Ou fè erè si w te panse m tap vin plezante
M ap met on dread nan tèt mwen m konnen w pap janm ka fè m mechanste
M sot nan sud, nèg Okay pa ka fè defèt
Si w te konn tande PIC w tap konnen m ta pral fè w regrèt
M pap chache hit sou ou m te just ap trip sou ou
Depi kilè w te tout rapè sa pou n ta fon team just pou ou
M ta pral antre l paske madanm ou se moun pa m
Men m wè w fache w gentan soti mizik donk sa e nan bouda w
M pat pran woulib se gras a talan m si m atis
M se sèl rape k fè moun kriye sou stage ak yon track sikatris
Sa just wow
Met men n anlè pou rap kreyòl si tout bon vre n ap sipòte l
Rap ap rete rap, chante ap ret chante
Sa k renmen bay ap toujou bay
Ou menm wap toujou nan mande
Map repete l tipa ti pa lap ka mache
M konen w kontan ou moute avyon
Pati w pati w w pa vwayaje
Ou pap jwenn respè si lè w antre w pa di onè
M pa bezwen oken nèg timilat paske m gen on team milionè
Sorry m te touche men m pat janm vle vin nan kraze
An pasan map fè n konnen ke album pa m ap vin a Mas
Pandan wap fè rap tchitchi wap lage track sisi
Balèn bouji jije mwen m ap fè rap skisku
M pat janm pran w pou rape
M garanti w si m tap bese tèt devan w
Gade m ap gade janm pral fout ou atè
M lage sa pandan m pa care si l hit ou pa
Men m deside di tou o tout sa w fè vi w wap di tou ba vye frè
M konen w touche men w ta sipoze pran kè
M pa deside reponn PJay m ap kite l repose an pè
Rest in peace
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016