Map Pase-CMB

Genre-Other
Year-2017
Produced By-Myson Beatz & Alleng Beatz
Lyrics By-Carly_tinegotwoua
*pawol mizik map pase CMB*
🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹✔📺🎬
*Bs *Refren*
elanye anye anye anye anye anye anye anye anye(bis)
neg yo di m pap pase tonè kraze m map pase adje , neg yo di pou m ta pase tonè se sou kadav yo pou m ta mache


pati 1 *Myson Beatz*

woule tchatcha frape tanbou son fason pou n pwomouvwa kilti *lakay an nou*
montre jan n fyè ke n se ayisyen desandan afrika ki se *zanzèt an nou*
bwè tafya rèspèkte boutèy koz nou nan lakou a fow respekte *prensip*
mache sou 13 pou w pa pile 14 rale mouchwa m souke l koz m wè gen *pousib*
chèchè m tout lè ou pap jwenn *mwen*
pase anlè ou pap ka pran *mwen*
ni wanga ni bal ni sa k kanibal ki ta vle vinn bare jounen *mwen*
nan men heloim lespri m *ye*
m asirem depi mwen *priye*
ni wanga ni bal ni sa k kanibal yo pap ka vinn bare jounen *mwen*


*Bs**Refren*
elanye anye anye anye anye anye anye anye anye(bis)
neg yo di m pap pase tonè kraze m map pase adje , neg yo di pou m ta pase tonè se sou kadav yo pou m ta mache

*Brige* koral
nèg yo di se towo male wè si se vwe lè m rive se pa vwe djab la vire do l' l ale

pati 2 *Carly_tinegotwoua*
yon ti dlo yon ti kafe pou sa m pa *wè yo*
yon ti envokasyon pou n rale lespri *mistik yo*
Bondye devan mistè yap *gidem*
kont tout mazanza ki vle *likidem*
m se pitit kosmos la map mache tout lè nati a ap
*ridem*
Mabouya sou vant tan an make *danje*
timoun granmoun nan lakou ki *pyeje*
pandan ti moun pa gad granmoun nan *je*
siw vle grandi pou w toujou *pwoteje* (Bis)

pati3 *Tricky boyyyy*
jezi o jezi o jezi o jezi o
wa louvri jem pou m wè kote map met pyan wen

*koral*
Jezi o jezi o jezi o jezi o
wa louvri janm pou m wè kote map met pyan wen
Gen danje nan *kafou sa*
menm pi wo pye Mapou *sa*
L'éternel est mon berger je ne manquerai *de rien*
gen granmoun nan *lakou sa*
ou pap ka siye *kajou sa*
tchatcha frape *tanbou*
yon dwèt pap manje *kalalou sa*

pati 4 *Chillamy*

adje o lakou sa gen mèt o avan w antre pa bliye *frape o*
se wè yo wè *mwen* tonè yo pa *konnen mwen*
mwen se pitit ste cecile li ki banm talan *mwen*
adje o lakou sa gen *mèt o*
anvan w antre pa bliye *frape o*
pa bliyem se nèg dafrik mwen soti nan *ginen*
yo ta fè mwen si yo te konn rasin *mwen*


Bs -Refren
elanye anye anye anye anye anye anye anye anye(bis)
neg yo di m pap pase tonè kraze m map pase adje
neg yo di pou m ta pase tonè se sou kadav yo pou m ta mache