Fè Van Pou Mwen-Emeline Michel

Genre-Other
Year-2007
Featuring-Junior Dorcelus
Produced By-Emeline Michel
Lyrics By-Syto Cavé And Music By: Boulo Valcourt
Fè van pou mwen

Grenn sèl bò isit kité barik pran la ri
tounen téson gravyé pou manjé maléré
Li midi tout bourik ap ranni
pandan kabrit ap simen famasi
Solèy l-ap boulé-m, li vlé fè-m anrajé
dlo nan jé-m, dlo nan kò-m, m-apé swé tout koté

Fè van pou mwen chéri
fè van pou mwen
Fè van pou mwen chéri
fè van pou mwen.

Woy, woy, woy
Woy, woy, woy
Woy.

Pandan m-ap di-w sa mayengwen débaké
ak oun dividal mouch k-ap kwensé-m, k-ap mòdé-m
li midi men tout klòch ap sonnen
férayè sou bodmè déchennen
Yon fèblantyé k-ap pasé, k-ap fè-m fou, k-ap rélé
k-ap mandé achté bonm ak chodyè ki krévé.

Fè van pou mwen chéri
fè van pou mwen
Fè van pou mwen chèri
fè van pou mwen.

Woy, woy, woy
Woy, woy, woy
Woy.

Pa gen van k-ap souflé; Ki koté van pasé?
fò-n tann jis tan Karèm, lò tan rara rivé
Lò Nòdé fè péchè pè lanmè
lò fréchè ap pousé do chalè
lò sa-a chéri, m-a simen bèl franj sou w-ou
m-a fè-m monté nan syèl tankou yon sèvolan.

Pot fil pou mwen ti moun
pot fil pou mwen
M-anvi filé-w chéri
gen van, gen van, gen van, gen van

Woy, woy, woy
Woy, woy, woy
Woy