Dènye Won-Rutshelle Guillaume

Genre-Other
Year-2017
Lyrics By-Jean Winer PASCAL; Music: Rutshelle Guillaume & Dieuvenson Bon
Dènye won

Le temps a effacé les mots
Le vent a emporté l’écho
Les vagues ont roulé les sanglots
Jusqu’aux rebords de mon hublot.
Sur le sable, je’n vois plus tes pas
Au loin, j’entends le coup de glas
Tout s’effrite, se meurt et s’en va
Comme les cauchemars d’un long trépas.

Se dènye fwa kò m kontre kò w
Se dènye bo k pou ban m remò
Se dènye fwa m ap jwe ak kò w
Malgre m konnen ou pap dakò
Se dènye paj nan liv istwa n
Apre sa n kraze on kite sa
Dènye foto nan kamera n
Apre sa n kraze on kite sa

Se vre m sonje lò w te konn la
Sant kò w toujou fè m radapla
Se te tankou on fim sinema
Tout zantray mwen sou lagraba

Se verite, kè m ap rache
Desten n oblije n separe
San bri, san kont, nou deparye
Se dènye fwa m ap rakonte

Cheri, yon dènye mo

la, la, la, la, la, la, la
la, la, la, la
la, la, la, la, la, la, la
la, la, la, la

Chifon lavi efase mo
Lacho dekole sou panno
Koulè kraze, rèv mal douko
Menm grenn digo finn kolboso
Machann draje dous kokoye
K ap pase mande m kote w ye
Yo sonje n pran siwèl a de
Kounyea bout kòd la kase

Se vre, m sonje lò w te konn la
Sant kò w toujou fè m radapla
Se te tankou on fim sinema
Tout zantray mwen sou lagraba.

Se verite, kè m ap rache
Desten n oblije n separe
San bri, san kont, nou deparye
Se dènye fwa m ap rakonte

C’est ma dernière chanson
la, la, la, la, la, la, la
la, la, la, la
C’est une dernière saison
la, la, la, la, la, la, la
la, la, la, la
Le coeur de ma poésie
la, la, la, la, la, la, la
la, la, la, la
Ma dernière mélodie.
la, la, la, la, la, la, la
la, la, la, la.

Lanmou bliye damou
Renmen ap pèdi gou
Rèv nan kè m gen degou
Womans sa a finn kagou
Lanmou pran pann motè
Renmen gen gou anmè
Rèv pran chimen malè
Idil sa a nan mizè

Se dènye fwa
Pap g on lòt fwa
Se dènye fwa
Fò w pran l konsa
Se dènye fwa
Al on traka

Se dènye fwa kò m kontre kò w
Se dènye bo k pou ban m remò
Sé dènyé fwa m-ap jwé ak kò-w
Malgre m konnen ou pap dakò
Se dènye paj nan liv istwa n
Apre sa n kraze on kite sa
Dènye foto nan kamera n
Apre sa n kraze on kite sa

Se verite kè m ap rache
Desten n oblije n separe
San bri, san kont, nou deparye
Se dènye fwa m ap rakonte

Cheri yon dènye mo
la, la, la, la, la, la, la
la, la, la, la. (4 times)