Ou Gen Pou Bezwen'm-Gabel

Genre-Konpa
Year-2017
Featuring-Masterbrain, Black Makak
Produced By-Pachou
Lyrics By-Masterbrain
[Intro]
Tchiki tcha
Ou Gen Pou Bezwen'm

[Refrain]
Se lè pa bon pala w'gen pou wè jan pa bon te bon
Gad kilè seleksyon an vinn bezwen Manno Sanon
Revoke'm nan travay la w'gen pou bezwen'm bak patron
Se lè'w bezwen bon kompa w'ap wè Gabel la pi bon

[Katalog]
Pa pèdi tan'w chèche pandan pa'w la nan men'w
Vye chodyè pa jete sa, menm lè nèf la devan'w
Erè pa janm gen pi bon zanmi sou latè (ke regrè)
Lè'w pran echèk w'ap mande kot "si'm te konnen" fè (pi dèyè)
Sa Bondye ba'w se li'k pa'w, kenbe'l fò nan de bra'w
Pa ret tann lavalas pote'l ale

[Refrain]
Se lè pa bon pala w'gen pou wè jan pa bon te bon
Gad kilè seleksyon an vinn bezwen Manno Sanon
Revoke'm nan travay la w'gen pou bezwen'm bak patron
Se lè'w bezwen bon kompa w'ap wè Gabel la pi bon

Epi Bobdoll yo pral di se fotochòp

Poze'w, poze'w, poze'w (plat atè)
Poze'w, poze'w, poze'w

[Black Makak]
Lè manman'w pale'w (fò'w tande)
Lè papa'w pale'w (fò'w koute)
Pran konsèy (konsèy sa'w pa vle a, ou gen pou bezwen'l)
Nan sex gen danje (atansyon)
Fòk ou proteje'w (pa kapon)
Met kapòt (kapòt sa'w pa vle a, ou gen pou bezwen'l)

[Katalog]
Fòk ou eduke (ou di non)
Kijan'w pral fè kòb (pi devan)
Fò'w al lekòl (lekòl sa'w pa vle a, ou gen pou bezwen'l)

Poze'w, poze'w, poze'w
Poze'w, poze'w, poze'w

[Black Makak]
Nou t'ap viv ansanm (san pwoblèm)
Yon bon jou'w kite'm (pou yon lòt)
Ti cheri (renmen sa'w pa vle a, ou gen pou bezwen'l)
Ou jwenn yon viza (ou pati)
W'al chache lavi (miami)
Ayiti (peyi sa'w pa vle a, ou gen pou bezwen'l)

[Katalog]
Djazz la ap byen mate (tout kote)
Kompa ap tonbe (ou danse)
W'ap kritike (Gabel sa'w pa vle a, ou gen pou bezwen'l)

Ou gen pou bezwen'm
Ou gen pou bezwen'm

Gabel Nation chante

[Hook 2X]
Ya bezwen'm, ya bezwen'm
Se lè pa bon pa la, pou wè jan pa bon te bon

Ou gen pou bezwen'm
Ou gen pou bezwen'm

[MasterBrain]
Ki moun ki pap gen bezwen'm (oh oh)
Kò a patap mache si'l pate gen brain (oh oh)
Pa chèche, si'w konnen'w pa bezwen jwenn
Cheri'w malad, epi'w di'w pa bezwen grenn
Pa panse m'pa bezwen'w s'iw wè'm poko fè'l avè'w
Lè bagay yo rèd devan'm ma va fè apèl avè'w
Fidèl kompa dirèk, gade la pè Gabel avè'w say...
(Amen Pastè Brain)

Boston men neg kenbe yes la wi

[Hook 2X]
Ya bezwen'm, ya bezwen'm
Se lè pa bon pa la, pou wè jan pa bon te bon

Wepa ti jenn jan
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016