Kisa Pou'm Bay-Gabel

Genre-Konpa
Year-2017
Produced By-Pachou, Sexybeef
Lyrics By-Pachou, Black Makak (Jean Louis Stanley)
[Flav]
Van lanmou’w soufle sou mwen lannwit kou lajounen
Dèfwa m'konn anvi, m'pa gen kontròl tèt mwen
Kou lanjelis met pye se ou m'wè nan rèv mwen
Ban'm yon ti randevou pa voye'm pou demen
Moun ki genyen'w lan pa konnen
Valè'w posede nan je mwen
Se lè'w pa la pral gen plenyen
Jou sa w'ap deja nan men'm

[Chorus]
Jou ma jwenn chans avè'w oh
Ma va pote ou sou do
Sa'k te konn di'm mawozo
Yo pral sezi wè'm oh
Nou pral sou mòn pilboro
Kote moun pap mete'n dozado
Nou pral make love a gogo
Way ay ay oh

[Pachou]
Kou kannòt map tann vag lanmè'w soufle sou mwen
M’pa vle gen move tan pou'm pa echwe byen lwen
Mwen prè pou'm fè tout sa m'konnen
Menm si'w ta voye'm nan ginen
M'prale, yon jou ma retounen
Cheri’w mèt konte sou mwen

[Chorus]
Jou ma jwenn chans avè'w oh
Ma va pote ou sou do
Sa'k te konn di'm mawozo
Yo pral sezi wè'm oh
Nou pral sou mòn pilboro
Kote moun pap mete'n dozado
Nou pral make love a gogo
Way ay ay oh

Dim kisa poum bay oh
Baby girl kisa pou'm bay oh
Gabel
Nap kenbe yes nou

Wo oh oh ay

[Hook 2X]
M’pa konn kisa pou'm ta bay oh
Pou mwen ta sèvi dra anba do'w
Se chak swa mwen t'ap fè'w dodo
Chofe'w, vlope'w anba bra'm oh

[Flav]
Si'm ta gen chans yon jou antre andedan chanm oh
(M'tap etenn tout lumyè yo)
Ou pat ap bezwen pè menm si'w ta wè blakawout oh
(oh oh)

[Pachou]
Mwen t'ap kouche bò kote'w pou'm siveye'w
Marengwen pat ap mòde'w ni anmede'w

[Hook 2X]
M’pa konn kisa pou'm ta bay oh
Pou mwen ta sèvi dra anba do'w
Se chak swa mwen t'ap fè'w dodo
Chofe'w, vlope'w anba bra'm oh

Wo oh oh ay

T Pachou di'm sa pou'm bay
You know what it is
Kisa pou'm bay (3x)

[Flav]
Si'm ta gen chans yon jou antre andedan chanm oh
(M'tap etenn tout lumyè yo)
Ou pat ap bezwen pè menm si'w ta wè blakawout oh
(oh oh)

[Pachou]
Mwen t'ap kouche bò kote'w pou'm siveye'w
Marengwen pat ap mòde'w ni anmede'w
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016