Kite Yo Pale-Lobertho

Genre-Konpa
Year-2017
Lyrics By-Lobertho
Kite yooooo
Kite yo pale, oh yeah!

Cherie 'w pa bezwen pale (e e he he)
Santiman nou deja pataje (e e he he)
Se pa Aza k fè'n rankontre (e e he he)
Destine chwazi nou tou de ( e e he he)

Ti doudou fòk ou pa panike.
Ou mèt rete bouch pe.
Lanmou sa yo paka derange'l.
Nap kite yo di sa yo vle.

Ou pa atifisyèl bote w trè naturèl
Ou sansasyonèl avèw'm santi'm nan syèl
Lè mwen bò kote w ou trete m tankou yon roi
Cherie'm pral kouròne'w kouròne'w kouròne'w.

Kite yoooo
kite, kite yo pale.
Yo mèt di sa yo vle
Wap toujou an premye
Wo ou wo o.
Kite yoooo
kite, kite yo pale.
Anverite ou mèt kite yo pale pale.

Mwen pa bezwen fè yon long diskou
Pou wou 2 mo sèlman Sufi pou nou damou.
Nan chemin lanmou
Nou chak ajenou
Kou yon ti joujou nou pran fè bizou.

Ti Rega ou manke' m
Batman kè wou pyeje'm
Ti gout ou dejwe'm
Mwen vle wou ak tout fòs
Lanmou sa atròs
Li dous kou dous makòs
Ou se yon fanm nòs
Yon fanm nòs.

Mwen renmen w ak tout kè m san wou'm plin problem
A chak souri' m vle w kwè'm
Lanmou w s'on powèm
Met kè'm Anndan tiwa w
Fè m dòmi ak ti vwa w
( Lobertho let's go)

Oh yeah,oh yeah
Oh yeah,oh yeah

Kite yooo,"kite, kite yo pale
Yo mèt di sa yo vle wap toujou an premye, wo ou wo o
Kite yooo,"kite, kite yo pale
Pa gin anyen yo ka di
Ni yo ka fè ou babe
Kite yooo, kite yo pale
Anverite ou mèt kite yo pale pale
Kite yooo,kite yo pale
Yo mèt di sa yo vle e e e.
(Lobertho let's go)
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016