Kite Nennaj Ou-Kaï

Genre-Konpa
Year-2017
Featuring-Mikaben
[Intro]
Kite mennaj ou (4x)

[Verse 1]
Li pa fasil pou m di
e mwen pè jan w ka reyaji
Li difisil – ok
Mwen pa vle w kouri – ok
Mwen pa ka tande w soufri
Mwen twò sansib pou ou cheri
Li difisil – ok
Mwen vle pou w ka konprann

[Pre-Chorus]
Dat m ap gade w
Dat m ap soufri
Dat m anvi di w tout sa mwen santi
Se vre m pa ta vle gache amitye nou
Men w merite plis ke sa
Mwen toujou pè pou m di w sa

[Chorus]
Cheri kite mennaj ou
Vinn jwenn mwen cheri
Kite mennaj ou
You gotta let go, cheri

[Verse 2]
Li pa fasil pou m di
Men li lè pou w reyalize mwen toujou bò kote w
A chak fwa ke l abandone w – ok
Mwen te toujou pi bon zanmi w
Se avantaj ke mwen gen sou li
Mwen konn sa k fè w plezi
Lanmou m pou ou pap janm fini

[Pre-Chorus]

[Chorus]

[Keyboard solo]
Lage l la
Nou pa fè fo mouvman tonnèr
Nou fè on lòt mouvman

Li pa twò ta
Non li pa twò ta
Pou w kite yon moun antre nan vi w
Pou l k a ba ou sa w merite

[Mikaben]
Ou pa bezwen yon nèg k ap fè w pase mizè – ou pa bezwen
Yon nèg k ap baw manti k ap fè w pase anlè – ou pa bezwen
Ou pa bezwen yon nèg k ap fè w wè tout koulè – ou pa bezwen
Ou pa bezwen (3x)
Yon nèg ki prè pou l mete lavi w tèt anba – ou pa bezwen
Yon nèg ki pa janm vle Mennen w danse konpa – ou pa bezwen
Yon nèg ki pa janm ka rive mete w sou sa – ou pa bezwen
Pa bezwen Pa pa pa bezwen

[Guitar solo]
JP gad on vibe manman

Kai li ye tonton

[Chorus]
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016