M Ale-K-Zino

Genre-Konpa
Year-2017
[Verse 1]
Nou chak ki la konn yon moun
Swa yon fanmi yon zanmi
Ki kwè pou li reyisi fòk li kite ayiti
Paske pou li s on peyi kip a ofri l okin avni
Deja tout fanmi l fin pati
Kèlkeswa sa m ta di l lap di m

[Chorus]
Monchè, se pase m ap pase
Jan w wè mwen la, mwen pa la pou m rete
S on bras m ap chèche, pou mwen jete m
Li prèske tonbe, se jou m ap konte pou m ale

[Verse 2]
Li bon jan determine
Lè l pran refu l pa janm dekouraje
Nan tout legliz l ap mache, leve paspò l bay Bondye
Poutan disèt fwa l eseye, yo di l mesye w pa kalifye
Si w ta wè ou di poze ke peyi a ka chanje
L ap di w

[Chorus]

[Guitar]
Gen sak lage pou chili
Yo di m si m vle m mèt vini, dayè lavi a pa easy lòt bò a
Move lavi fè Ayisyen ap chèche lavi tout lòt kote sof Ayiti

Mwen ka konprann n ale se lavi n ap chèche
Fò n tounen nan peyi a
Aprè plizyè lane vin fon w jan n etidye
Fò n tounen nan peyi a
Retounen vin devlope, kreye opòtunite
Fò n tounen nan peyi a
Padan w ap di wale a fòk ou tounen

Male male – tout zanmi l konnen gon jou l gen pou l di
Male male – pi bon jan nan vi l se jou l ap ka di
Male male – gen nan yo gentan di yo konte sou li
Male male – rezidans lan poko menm tonbe non

[Keyboard]

Yo vin fè ti pasyans
Rezidans se sèl chans

[Outro]
Yo ban mwen l, ou mèt voye chèche mwen
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016