Li Pa Merite Sa-Djakout Mizik

Genre-Konpa
Year-2013
Aprè konstatasyon li vin wè sa son ilizyon 
Ak tout yon konfizyon ki vin bay yon frustrasyon 
Ou te promèt li afeksyon, ou te di l' se san diskriminasyon 
Men jodiya kòm kado se yon desepsyon (ooo ooh non non non non)

Fò w ta nan kè l' pou ou ta wè
Jan lap soufri, son maladi 
Ou ki te nan kè l'
Tout moun ka wè lap depafini 

Ou pran tout tan w pou w maltrete l'
Ou pran tout san w pou w fè li mal
Ou jwe ak kè l' ak santiman l'
E pou li sa se yon kochma 
Jodiya l' ap mande pouki 
Li oblije nan soufrans sa
Devan Bondye, devan lèzòm
Li te ba w kè l' pou w gaspiye (oo non non non non) 

Fò w ta nan kè l' pou ou ta wè 
Jan lap soufri, son maladi 
Ou ki te nan kè l'
Tout moun ka wè lap depafini 

Yon bèl ti pitit konsa ou pata fè l sa...

Ou jwe nan tèt li, vòlè santiman li 
Monchè w anraje 
Li pa merite sa [bis]

Se tout lajounen l' ap kriye
Non l' pat merite sa
Ou efase tout yon reyalite 
Non l' pat merite sa
Li te ba w kè l' san mezure 
Non l' pat merite sa 
L' ape mande pouki, pouki se li ou fè tout sa 

Ou jwe nan tèt li, vòlè santiman li 
Monchè w anraje 
Li pa merite sa [bis]

[Coda]
Pran plezi fè kè soufri
San gade dèyè 
Yon jou lanmou gen pou l frape w
Lè sa w pap vle kwè 
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016