Livrezon-Wendyyy

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2017
Featuring-Magic Touch
[Intro]
Squatt
Yeah nigga magic touch
Livrezon, livrezon
Chofè

[Verse 1]
Jodya l a Valmix demen ou wè l dèyè Toto
E lè l a papa w ap wè l dèye Auto
Pa met nan je w nan pa m nan sinon w dèyè poto
Chak jou on destinasyon, chak jou on adrès, chak jou l dèyè moto
Livrezon, livrezon, livrezon
Madanm mwen lakay ou, madanm ou lakay mwen
Chak jou nou an liezon
M ap pran kou, w ap pran e n pa konn pou ki rezon
Jodya li avè m men demen kote l ap ye m pa konn nan ki mezon
Se swa pou plezi swa yo pa jwenn lòv
men chak jou yo gen on randevou yo konplis
chak jou on adrès, chak jou yon livrezon
chak gen on chofè moto oubyen on bis
e pandan w ap tann on livrezon, madanm ou pral livre
pa chache konnen ou pap janm konnen sa rive
ann pa pèdi tan ann fè sa n ap fè a vit
paske talè konsa m gen on lòt randevou k ap rive

[Hook]
Chak jou youn vini, chak jou youn ale
E lè l fin avè w gen on lòt kote l prale
Yo chak gen on abònman pa konn pou ki rezon
Jodi pou mwen demen pou ou
Chak jou gen livrezon
Livrezon

[Verse 1]
Yo pandan m ap monte PV, m gade nan retrovizè m
M wè on bèl limena fresh m wè manje
Li banm on rega m ba l gou li souri mwen souri mwen wè danje
So m fè on apwòch li entèrese e san pèdi tan nimewo chanje
Epi m gentan imajine kòman m pral fòk aswè a m ap tou mèg tankou Cange
So m gade kote m ye, m di ou gen bèl bouda li gen mèt pouki l ye
M fon w ti touche pou m wè si s on san sèvèl li pap di anyen si s on bouki l ye
Epi m di sa w ap fè aswè a nou ka wè li di m san pwoblèm
A kilè pouki l ye
Mais a une condition tu paix la moto
Epi m di chofè livrezon pou di liv
M tap pral cheke Magic m di l kite Guiness kite chanm
M gen on livrezon aswè a, m ap tèlman sakaje sa piti m pap kite
M fin rive m ba l on apèl m di l rele w se pou jis pou yon rapèl
Epi rapid vit m di m ale, li di oh ou fin pale
M di wi, m ap tann ou, pou l pa wè m ap kouri avè l
Pandan se tan Magic ap pale m de on fanm li fèk jere
Li di m sa gen demwa li rankontre youn nan fèt jele
Pandan l ap raplapla mwen se fanm nan m ap tann
Telefòn mwen sonnen mwen gade li fèk rele
M desann m al chache l m annit rive m tande Magic di
Oh Bondye gad on misil, fanm m tap pale w la
M di w ou pran nan livrezon a domisil

[Hook]

Chak jou Dj Nal gen on livrezon
Chak jou Steezy gen on livrezon
Chak jou Bmix gen on livrezon
Chak jou Roger gen on livrezon
Chak jou Ted Bounce gen on livrezon
Chak jou Ahh gen on livrezon
Chak jou K9 gen on livrezon
Chak jou Bullet gen on livrezon