Di M Pouki-Ralph Millet

Genre-Bolero
Year-2009
Featuring-Françoise Volel
Produced By-Ralph Millet
Lyrics By-Syto Cavé
[Verse 1]
Pou kisa cheri, di m pouki
Aswè a l fè tèlman nwa konsa
Pouki lè ou pa la
Lanwit vlope kay la konsa
Pouki cheri, di mwen pouki
Yon lapèn blayi nan tout kè m konsa
Pouki lè ou pa la
Chak jounen m tounen yon chemen d kwa
[Bridge]
Une lampe s’éteint là-bas
Mon chemin s’efface vers toi
Que dire à la grande nuit qui vient
Serait-elle là pour rien

[Verse 2]
Pou kisa cheri lè w pa la
Sèl zanmi mwen se yon boutèy tafya
Epi pouki lè m gri, pòtrè w sou tout panno kay la

[Piano]

[Bridge]

[Verse 3]
Pouki cheri lè l fè lapli
Vye kay la koule k on panyen pèse
Pouki cheri lè m gri, ou sou tout panno kay la