Lè Yon Fanm Renmen W -Tantan

Genre-Konpa
Year-2016
Lyrics By-Tantan
[Verse 1]
Lè yon fanm renmen w li renmen w tout bon
Li renmen w a tout kè l
Lè fanm yon fanm renmen w li renmen w tou sèl
Devan tout gason sou latè se ou k pi bèl
Li ba ou chans malgre enfidelite (she still loves you)
Se ou ki bay lavi a sans paske l deja aksepte w jan ou ye

[Hook]
Lanmou pap janm fini
Lanmou pap janm mouri
Lè ou jwenn on fanm ki renmen w

[Keyboard solo]

[Verse 2]
Lè yon fanm renmen w l aksepte soufrans epoutan l fè w konfyans
Lè yon fanm renmen w li renmen w avèk nanm
Li gade w li ouvè de bra w li di w cheri li renmen w
se tankou sou late pa gen pèson ki ekziste
ou menm sèlman ki rete
se tankou premye lanmou w pa ka bliye
ti randevou lè n ap soti

[Hook]

[Keyboard solo]

[Hook 2]
Lè yon fanm renmen w
l renmen w tout bon, renmen w a tout kè l
Li ba ou rezon rezon pou w ekziste

[Verse 3]
Toulejou toulejou toulejou toulejou L ap panse a ou
Toukote toukote toukote toukote l ap pale de ou
Se tout tan lè l gade w zye l tonbe nan zye ou li souri ba ou
Tout lanwit Tout lanwit Tout lanwit Tout lanwit se doudou doudou

[Hook 2]

[Verse 3]

[Keyboard]

[Outro]
Lanmou pap janm fini
Lanmou pap janm mouri
Lè ou jwenn on fanm ki renmen w