W An Danje-Baky

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2016
Lyrics By-Baky
[Hook]
M nan je enmi m yo men yo pa wè m
M gen kontwòl egri yo se mal ke yo t a fè m
Yo vle pran vi m, men m gen Bondye avè m
Popilè nation – di yo pa vin fuck avè m
Baky nan kay la w an danje
W an danje – danje
Baky nan kay la w an danje – danje
W an danje – danje

[Verse 1]
Wi W an danje wi w an danje
Si se nou w ta vle plonje tande vwa n k ap chante
Haiti n vle montre de sikè l nou kontante n
Devan lemond antye nou ret kanpe
Rap kreyòl reprezante
Nou tap goumen pou n rive pandan w tap pèdi tan w nan ranse ou pat vle tande
Ou te kanpe m lè m te vle travèse, ou te di m pat anyen pou jan lavi m te ye
Ou toumante lè w gade m k ap briye, men w pa chache konn kijan m te vin klere
M te travay pou m antre se pou sa m te antre
M ap rekòlte sa m te plante se Bondye pou w mande
Kijan fè – se sou nou mwen konte
Kounya – men pouvwa m ogmante
(M kase chèn lan)
Ban m love m merite l (m ap pran l)
Malgre m konnen son bann trèt nou ye
W ap fè chawa – nou n ap fè kòb, ou pap Mennen pase n e nan tèt ou l ye
E m se limyè rap kreyòl, e pou l ta nan tenèb se etenn pou etenn – rele m popilè
Kounya nou grandi tan pou n beef rape pito m beef Baky again and again
M konnen n sezi menm mwen menm m epate tèt mwen plus ke janm te vle a
Big up ou menm si w ap swiv mwen, e respè RKM pou Dieu rap ke n kreye a
M jwe toupatou ou poko wè m? (euh)
M sou tout tele nou poko wè m? (euh)
Kisa w ap di? ( m pa renmen Baky)
Anmwey gade ti Cherie, ou gen pwoblèm

[Hook]
M nan je enmi yo men yo pa wè m
M gen kontwòl egri yo se mal ke yo t a fè m
Yo vle pran vi m, men m gen Bondye avè m
Popilè nation – di yo pa vin fuck avè m
Baky nan kay la w an danje
W an danje – danje
Baky nan kay la w an danje – danje
W an danje – danje

[Verse 2]
Tout neg panse yo ka fè m sa yo vle, jiskaske yo remake ke jwèt la gate (la gate)
Devan Bondye, n ap avanse sou mechan gade ya gade n
Dèfwa m pale n jiskaske m vin anwe
Men n pa tande, nou chache m tout kote, n anmègde m juskaske n wè m poze
Kounya n fout fè m fache, m ape atake (atake)
Allelouya God la teste l tap teste m Nigga w te prese m pat prese
Tout lè n te wè m te kite n ap pran pwa pran level nan game sa, kwè m se grese m t ap grese n
Aprè m pa gen lòt e m ap bezwen avi w nigga
Fuck opinion w man, se blese m pral blese n
Nou t ap ouvè kò n, gonfle vwa n, n anraje, n anlè, poze n se blese m pral blese n
M te di n ke m pap rap jan nou rap paske l ap twò fasil, bann parese nou merite chatiman
Map fè rap pwòp, evite pachiman l
Bato a pral debake, lè m ap vini son w lame k debake
Album nan pare kounya n lage
E tout fake ki abò m ap di fout kite batiman
Ok (yeah) kounya nou sou vibe? (Sote) pa kite pye atè
E fè m santi n avè m – n avè w
Leve men n anlè tankou se lè nou pral touche kreyatè a
Fè m tande
B - Best MC nan rap pa gen pou w konpare mwen
A - Aucun neg nan game sa pa ka egale m e m
M - kontwole hip hop tankou se mwen te kreye l
Y - Young leader BAKY Yo mele

[Hook]
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016