N Ap Tann-T-Joe Zenny

Genre-Other
Year-2016
Lyrics By-Ti Joe Zenny
[Verse 1]
Sa m wè nan peyi sa se tankou m te nan sinema
N ap bay tèt nou manti poutan n anfas verite a
Dinyite nou lote ap vann sou bak mache anba
Si fyète gen gou dous, bouch Ayisyen pèdi gou sa

[Chorus]
Epi n ap tann, n ap tann, ki sa souple n ap tann
San rezon n ap tann
N ap tann nou bon nan on peyi men nou bliye se peyi a ki pou bon
Epi n ap tann, n ap tann bwa kwaze n ap tann
San rezon n ap tann
Pandan sèten ap piye nou redwi tout jèn gason nan mande

[Verse 2]
Jè n fi k ap reziye lè swa vann sik sou yon twotwa
Lamizè pa gen laj pou l met avni l nan ri lama
Anba je komisarya se la tout bagay fèt kounya
Jèn gason pran grammy nan mete may nan ri Capois

[Chorus]
Epi n ap tann, n ap tann, nou refize met tèt ansanm
San rezon n ap tann
Tout moun vle bon nan on peyi men nou bliye se peyi a ki pou bon

[Chorus 2]
Kilè nap reve peyi, panse pou li san patipri
Ann aprann defann menm koz sispann pran pòz ke nou pa lakòz

Mizik sa ta dwe rele radyografi
Paske ladann nou wè klè jan n ap aji
Reyisit tout moun te plis ke peyi
Alò ke nou tout ta dwe reyini dèyè yon sèl pwojè
Ayiti

[Chorus 2]

[Outro]
Pa tann, pa tann