Fanm Dous Mwen-Alan Cavé

Genre-Konpa
Year-2004
Lyrics By-Alan Cavé
Chak fwa mwen wè w
Se tout rèv mwen te fè k’ap defile devanm san rete
Sanlè depale
Chak fwa mwen wè w
Se tout chimen memwa m ki remonte nan je m k’on dlo ble
Syèl la chavire

Chak fwa mwen wè w
Tout zetwal ki nan kè m
Fòme yon boukan pou ou
Yo rele l lanmou (rele l lanmou rele l lanmou)
Chak fwa mwen wè w
Tout venn ki nan kòm
tounen yon rivyè wouj
Tanpri pa kite m ( pa kite m pa kite m)
Syè’l la chavire

OOOO
ooooo

Minwi bare m pou kòm asye a sou pòtay
Banm yon ti kout kleren pou m neye chagren (chagren)
Malgre tout sak pase mwen pap janm ka bliye w
Se ou sèl mwen renmen ou menm sèl fanm dous mwen

[Chorus]
Malgre tout sa k pase doudou
Pa p sa bliye w, se ou sèl mwen renmen
Sèl fanm dous mwen
Malgre tout sa k pase doudou
Pa p sa bliye w se ou sèl mwen remen
Sèl fanm dous mwen

Lè swa lè m pral dòmi
Mwen met non ou anba zorye m
Tout rèv mwen anvi fè yo tout sanble avè w
Lè maten lè m leve cheri
Avan menm mwen bwè kafe
Se non w ki rechofe m
Ou peple tout panse m
Malgre tout sa k pase

[Chorus]
Malgre tout sa k pase doudou
Pa p sa bliye w, se ou sèl mwen renmen
Sèl fanm dous mwen
Malgre tout sa k pase doudou
Pa p sa bliye w se ou sèl mwen remen
Sèl fanm dous mwen

[Keyboard]

Gad jan’m stuck stuck stuck on you baby

[Chorus]
Malgre tout sa k pase doudou
Pap sa bliye w se ou sèl mwen renmen
Sèl fanm dous mwen
Malgre tout sa k pase doudou
Pa p sa bliye w se ou sèl mwen remen
Sèl fanm dous mwen

Malgre mizè m pase – pap sa bliye’w
Dlo anvayi tout je m doudou
Yo mèt di’w ranplase’m poum bliye’w
Map monte maswife cherie

[Chorus]
Malgre tout sa k pase doudou
Pap sa bliye w se ou sèl mwen renmen
Sèl fanm dous mwen
Malgre tout sa k pase doudou
Pa p sa bliye w se ou sèl mwen remen
Sèl fanm dous mwen