Kite M Pale-Freedom

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2016
Featuring-Fatima
Lyrics By-Christopher "Freedom" Laroche
[Pre-hook]
Pa mande m fèmen bouch mwen
Bouch mwen pou mwen
Kite m pale yo

Orijinal

[Hook]
Kite m pale yo (rpt)
Pou tout sa k pa ka pale yo
Pou tout sa k nan syèl la ap veye nou yo

Ayiti, nou te ka ba yo verite a wi

[Chorus]
Di yo sa, di yo sa, ba yo limyè a lespwa
Di yo sa, di yo sa, nèg Okap nou di yo sa
Di yo sa, di yo sa, ba yo limyè a lespwa
Di yo sa, di yo sa, moun Kafou nou di yo sa
Freedom

[Verse 1]
Di yo sa, di yo sa
Ke peyi a te pran dife, pran dife prèske chak swa (di yo sa)
Ke n te vle al lekòl men yo bloke bloke lari a (Di yo)
Ke m te bokse demon avèk limyè pou n enspire pèp sa a (Di yo)
Nou pa menm gen kouran so nou pa ka edike lèfènwa
Machin e son lanbi Nèg Mawon gwonde sou mitan Pon Sonde
Pèp Ayiti ke libète dekpresyon egziste
Èske katye sa a t ap sal vre si devan lakay pwopte
Si n te jwenn enstriksyon Toussaint Louverture ekri sou on papye
Nou te dwe sispann doulè Jezi avan l te sou kwa klouwe
E di m pou kisa moun avèg pi eklere ke sosyete
Paske l pa gade w sou koulè w, se menm bagay ke nou ye
Ayiti sou batistè m, lanmèd pou tout moun — ban m pale

[Pre-hook]
Kite m pale yo (rpt)
Pou sa k pa gen vwa
Libète dekspresyon

[Verse 2 – Fatima]
Menm si lè m pale ou pa chwazi konprann
(Yo poko ka konprann sa w di)
M ap fè ou konnen ke m pa gen kont pou m rann
(Men m pa gen kont pou m rann pèsonn)
E si lè m pale ou tande w pa apresye m
M ap fè ou konnen ke tout sa m te vle se verite a k pou pase

Faust ban m lage yon ti limyè sou yo

[Verse 3]
Si n te konprann sa m ap pale, m pa rape, m derape
Ou wè drapo m ap flote (linyon), libète n te vle
chenn la kase, lari a debloke
Sant kawotchou boule (linyon), m pa sonje ditou
E solda pa dòmi, n goumen jiskobou
Sou de pye Bondye ban mwen pou m kanpe
M grandi nan dife, so m vin tounen ponpye
Pou m ka etenn lanfè a pou letènite

Refize pase on vi antye n ap tann pou n evolye

[Pre-chorus]
Pa mande m fèmen bouch mwen
Bouch mwen pou mwen
Kite m pale yo

[Chorus]
Kite m pale yo (rpt)
Yo te di ke si tout moun kanpe ansanm,
N ap wè on limye ki leve devan nou ki pi fò pase solèy la
N a di m sa n ap tann
Se la repons lan ye