Kisa Ki Mickael (Freestyle)-Mickael Marabou

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2016
Lyrics By-Mickael
Tout moun ap pede mande kisa ki Mickael
You di m pou m chanje non m Paske gen twòp Mickael
Men Mwen gen talan tankou m se Guirand avèk Jordan
Tyson, Benjamin, avek jakson
Manman m papa m ban m non m mwen pote li
M tande Rap kreyòl ap mouri mwen vinn sove li
Flo m se dife anba chodyè e se beat sa kap kwit
M tounnen l, m vire l, m ba l flanm epi ensuite
Dènye fwa m tcheke m peye pwòp bill mwen
Egal m fè sa m vle m regle biznis mwen
Tout sa m Ye se mizik Menm lè m mache m sou beat
M pa fimen m pa bwè tèt mwen toujou klè
M pa janm kopye m goumen pou jistis avèk egalite
Sing mwen vyèj, m kenbe vi m dwat menm lè m goche
M renmen tande lang mwen Kreyòl pase m tande fransè
Si w gen pwoblèm avew m ap priye ok patne
Men lè m cheve natirèl tèt mare lapè bwe te
Kwè m si w vle m ka vinn dejwe
M te gen dread m penyen yo m renmen chanjman
Fè m konfyans pou m mete w sou bon wout m gen bon plan
Si yo ba w mond lan San W pa travay e ou pran yon moso
Ou bay moso nanm e ou gen pou pran gwo so
Si m te renmen w m still renmen w e se sal ye
M antann ma tout moun si w pa renmen m ou rayi verite
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016