Fè L Konfyans-Wendyyy

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2016
[Verse 1]
Menm si w wè nan lavi w pa chanse
Menm si w wè tout sa w fè w pa vanse
Menm si pwoblèm vle fè w panse a kòd la
Rete konfyan e just panse a God la
Li gen on plan pou ou,
menm si w wè tout moun kont ou l ap toujou pran pou ou
E pa janm give up menm si lavi gon w dan pou ou
Leve tèt ou rele l l ap toujou gen tan pou ou
Just kontante w a sa w genyen frè m, kontante w de viv
Lè w pa ka Mennen frè m kontante w de swiv
Kontante w de pe, kontante w de ou
Lè w pa ka posede lò frè m kontante w de kwiv
E pa fòse lavi frè m pran l nenpòt jan l vini
Avni w gentan trase, pran l nenpòt jan l fini
Menm si w wè yo imilye w tout moun ap voye je sou ou
Pa bliye g on moun ki la k ap voye je sou ou. Fè l konfyans .
[Chorus]
Menm si pwoblèm fè w anvi kriye
Menm si de lè w anvi bliye
Gen on jan k va pou ou pou w briye
Just met jenou w atè pou w priye
Fè l konfyans (4x)
[Verse 2]
Menm si w ta wè nwa sikonstans fè w mande pann
Met konfyans ou nan li paske w avni w an depann
Menm si pa gen espwa pou sa w bezwen an tante prann
Konfye l tout sa w ap fè e tout sa w ap antreprann
Fè l konfyans tout kote, fè l konfyans nan tout sans
Fè l konfyans lè w serye, fè l konfyans nan tout rans
Se li k pou ba w soulajman lè w santi w nan soufrans
E si li k ap travay lè w panse se kou chans
Li ba w mwayen pou w viv e gen sa ki pa gen yon goud
Chak jou ou bwè dlo e gen sa ki pa jwenn yon gout
Li ka fè w ka manje on pen e gen sa ki pa jwenn yon bout
Met konfyans ou nan li e pa g on jou w ap jwenn you dout
Lè l ba ou l pa mezire, li ba ou nèt li pa prete w
Lè satan vle kondane w, sèl li menm ki ka prete w
E menm lè w wè w echwe pa febli re eseye
Toujou ret konfyan menm lè w wè w dezespere. Fè l konfyans.
[Chorus]