Boom!-BIC

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2016
Lyrics By-Roosevelt "BIC" Saillant
[Intro]
Alright then
Nou den den den deng

[Hook]
Boom chakalakalalaka e
Genlè nou pap chape
Boom chakalakalalaka e e
O adye Bondye
Boom chakalakalalaka e e
Ole ole

[Verse 1]
Anba pano ki di machin pa kanpe la
Se la nou fè stasyon kamyonèt ak taksi moto
Anba pano ki di machann pa chita la
Se la nou vann pica pollo, pèpè ak boul gogo
Kote pou n pa antre se la nou fonse
Bote pou n pwoteje se li nou defonse
Nou tankou sèpan k ap mòde pwòp ke li
Kritike lòt la men nou pa pi pwòp ke li
Lakansyèl isit pèdi respè
Paske depi nan kindergarten yo fè n renmen on sèl koulè
Tèt byen fèt, tèt byen plèn pa alamòd
Paske tout jèn gason pito mache tèt kagoule
Timoun pa ka manje, nou pa mind
Granmoun ap manje dan aletranjè nou pa mind pi rèd
Rèv jenès la mouri nan pasay
Plis m ap fè pi bèl pwezi, se plis nou pi lèd

[Pre-hook]
Rele legliz – li pa reponn
Rele vodouyizan – li pa reponn
Sosyete sivil – li pa reponn
Mwen rele gouvènman – li pa reponn
Tout moun nan peyi a okipe, yo tout sou entènèt ap tchat sou telefòn

[Hook]
Boom chakalakalalaka e
Genlè nou pap chape
Boom chakalakalalaka e e
Genlè peyi a pran boule
Boom chakalakalalaka e e
Adye Bondye

[Bridge]
Nou fè tout vi nou ap fè sa ki pa nan enterè nou
Nou pase tout vi nou nan mete pwazon pou tèt nou
Nou anchene pye nou – boom
Nou manje po pye nou – boom boom
Nou pike kè nou – boom
Nou rache popyè nou – boom boom boom
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016