Mèsi Manman-BIC

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2016
Featuring-F-Mack
Lyrics By-Roosevelt
[Intro]
Hey
Manman, oh
Hey hey hey hey ah
[Verse 1]
Mwen grandi nan pami diri ti wòch goute grès
Manman m pat gen ase pou l te ban m manje pou m te kite rès
Mwen grandi nan mitan zanmi, mwen grandi san papa m
Manman m te toujou di m si m pa al lekòl sa m pran se pa m
Mwen grandi nan mitan mank, mwen grandi nan mitan bank bòlèt
M grandi nan legliz, manman m aprann mwen bay lakòlèt
Li te toujou di m fòk mwen aprann fè zèv,
e sa pa pou bèl zèb pou m mare chwal mwen bò falèz
mwen grandi avèk manman m, donk mwen grandi avèk lanmou
m grandi ak yon madanm ki sou de pye l depi douvan jou
mwen grandi ak detèminasyon m grandi avèk dinyite
bon tanperaman granmoun depi epòk pibète
m grandi avèk esperans, m grandi nan doulè
m grandi san m pat gen twòp chans nan on katye popilè
lekòl se pi bèl rezo m te pote nan sakado
manman m se pi gwo trezò ke lavi a fè m kado
[Kè]
mèsi manman pou sa ou ye pou mwen (manman)
mèsi manman m nan, pou sa m vin ye pou tèt mwen
mèsi manman pou sa ou ye pou mwen, oh wi wi wi
Mèsi (3x) manman m nan
[Verse 2]
Manman m se yon sòyèt, men se fanm ki gen brain
Diyite l fèt an asye, po tòti, on rendeng
Manman m s on koutiryè ki pote sèt pitit sou do li
Manman m se fanm ki bèl menm si l gen mak lavi sou po li (sa se vre)
Manman m s on imòtèl manman m se pechè d latè
Vye van lavi soufle sa pa sifi pou met do l atè
Se pa yon entèlektyèl, manman m s on madan sara
57-2016, manman m s on lò 59 kara
Manman m se yon tigrès sa vle di l se pitit tig
Manman m se yon negrès papa m rankontre l Pelig
Li tèlman sèvyab, l ap sèvi moun ki nan vèy li
Manman m renmen m anpil, li rele m tèt sèkèy li
Manman m s on moniman, manman m se dènye grenn nan
Li pa yon po piman, hein hein se li ki grenn nan
Manman m mache kontre lavi li pa chita tann
Manman m s on piramid, li pa kaptèn anba kabann
Manman m se yon modèl de reyisit, m ap felisite l
Manman m gen lanmou pou chak grenn pitit, m ap plede site l
Manman m pa gen machin men lavi pa janm pati kite l
Manman m se yon egzanp, pitit fi l yo ta dwe imite l
Manman m se yon senfoni, manman m s on resital
Manman m se pa moun isit, se fanm Plato Santral
Manman m travèse lavi san fè vye zafè
Manman kase bèk lavi, manman m se bèk fè
[Kè]
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016