Antann Nou-Shabba Djakout

Genre-Konpa
Year-2016
Produced By-Shabba Djakout
Lyrics By-Shabba Djakout
Nou pap janm fè yon pa nago pap ka leve tèt byen wo
Si nou pa pa vle met men, mete men
Si n kontinye ap goumen
Ayiti malad oh, li sou do lap tan pitit li yo
Ann fè prese ann evite danje
[Kè]
Tèt ansanm anpil lanmou
Se fòmil pou nou aplike
Se dènye chans nou rete
Ti peyi sa tèlman gen dezakò sa lakoz pitit li yo al dòmi deyò
Douvan pòt kay vwazen pou y al sove degouden
Poutan lakay gen anpil byen
Bon jan de sèvo k konn li byen
Men yo pito goumen, youn pa vle bay lòt legen
Yon sèl peyi, yon sèl nasyon
Nan lanmou respè ake linyon
Antann pou n antann nou woy
Lè sa n ap gen on peyi yo respekte
Antann pou n antann nou woy
Lè sa lòt nasyon a va respekte n
Ayisyen lòt bò dlo santi souf n ap koupe
Lè gen kraze brize, lè nou pa sa rantre nan ti peyi sa
Ayisyen ki lakay, m konnen nou pa renmen
Tande move nouvèl, kawotchou kap boule nan ti peyi sa
Antann pou n antann nou woy
Lè sa n ap gen on peyi yo respekte
Oh oh oh oh
Pa fè ti peyi m sa
Oh oh oh oh
Li pa merite sa
Mwen di nou tout se Ayisyen – nan peyi a
Fòk nou renmen – nan peyi a
Fò n sispann maspinen – peyi a
Ann pwoteje – nan peyi a
Lajenès di l bouke – nan peyi a
Grandèt yo menm fache – nan peyi a
Mwen di nou tout se Ayisyen – nan peyi a
Fò n pwoteje – peyi a
Si peyi vwazen an ap malmennen nou
se nou k lakoz sa (3x), lakay nou divize
sig wo peyi antre nan koze nou
se nou k lakoz sa (3x), nan viv chen manje chen
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016