Officiel-Carimi

Genre-Konpa
Year-2009
Mwen vle
Pran mwen cheri

Cheri kite m pale
Kite mwen rakonte
Ou di m nou pwal renmen men fòk gen kondisyon
sanble m pwal nan misyon tout tan mwen nan kache
Mwen vle w reyalize mizè m ap pase

Depi papa w parèt ou di m - Bese tèt bese tèt
Sa li ye
Dépi manman w nan zòn nan w rele - bese tèt bese tèt
Wo oh
Depi zanmi w nan bal la ou di mwen - bese tèt bese tèt
Sa li ye
Cheri m m reyalize – cheri m reyalize
M pa officiel

Oh oh oh – pran mwen cheri
Ofisyel
Mwen vle mwen vle mwen vle

Chak moun remen sa yo vle mwen pa vle renmen nan kache
Pran pòz ou gen plas pou nou de pran pòz nou pral fiyanse
Mwen konprann jwèt la sa pap ka kontinye
Mwen vle w reyalize mizè wap fè m pase

Depi papa w parèt ou di m - Bese tèt bese tèt
Sa li ye
Dépi manman w nan zòn nan w rele - bese tèt bese tèt
Wo oh
Depi zanmi w nan bal la ou di mwen - bese tèt bese tèt
Sa li ye
Cheri m m reyalize – cheri m reyalize
Mwen pa officiel

Depi n soti w pake byen lwen – pou pèsòn pa konnen
Depi w gen lè k rive ou di – pa ka pale nan telefòn
Depi m nan bal ak zanmi pa m – cheri w ak zanmi pa w
Sa pa rele renmen fò w fè tout moun konnen

Fè koze a pran lari

[Keyboard solo]
Ohohoh

mwen di oh – siw gen on ti mennaj
oh – ou pa pè montre l
oh – si w konnen l pou ou di
oh oh ofisyèl
oh – siw gen on ti mennaj
oh – anba anba
oh – si w pa vle montre l
di – oh oh okupe

[Keyboard solo]
Ohohoh

Fòw pa pè montre l non
Fò w fyè de boubout la

Lage m, cheri lage m

Can’t do that – jan w jere m la
Se pwoblèm – wap maltrete mwen
Chaje pwoblèm – jan w jere m la
Se pwoblèm

Lage m, cheri lage m