Amor-Jacques Sauveur Jean

Genre-Konpa
Lyrics By-Jacques Sauveur Jean
Necesito tu amor
Tou piti lè n kwaze n pat ko fini lekòl
Rakonte w eksplike w kòman pou nou kole zepòl
Tou pit lè n kwaze n pat konn sa ki renmen
Rakonte w eksplike w yon bon matin sou gran chimen
Lanmou nou gen gou myèl temwen nou se lesyèl
Lawouze bon matin nou te gentan pran nan petren
Yon manyè ou fè m kwè, ou vè je m pou mwen wèl
Nou pa dwe fè tenten pou lanmou nou pa ni on fen
[Chorus]
Amor necesito tu amor
Ou paka anpeche m pou m di w laverite
Amor necesito tu amor
Nou pral fè eskandal devan plas katedral
Tu resteras toujour la femme de mes reves
Ti gason m san fason dè fwa m fè polisan
Padone m ekskize m toujou gen on manyè pou ede m
Pa bezwen mil pawòl si dè fwa m on jan dwòl
Gen on manyè ou gade m franchman ou eksite m
[Chorus]
Amor necesito tu amor
Je ne peux m’empecher de te dire ce qui est vraix
Amor necesito tu amor
Nou pral fè eskandal devan plas katedral
[Bridge]
Menm si dèfwa gen moun ki vle nou separe
Yo twò jalou pou wè kouman lanmou nou ye
Mwen menm avèw nou dwe jire devan bondye
Lanmou nou ka fè yo sezi
[Hook]
This is love is here to stay
Our love is forever honey
[2x]
Nou pat ko menm fini lekòl mwen te montre w kole zepòl
Mwen menm avè w nou te jire pou nou pa janmen separe
[Hook]
Men konpa
[keyboard solo]
Pa fè m sa
Pa tande sa yo di
Pa gade sa yo fè
Mwen menm avèw nou la
Yo pa ka bann koutba
Yo pale nou mal – nou la
Yo di w m pa renmen w – nou la
Di m se mizisyen – nou la
Pap janm fè bonè w – nou la
Mwen menm avè w nou te jire pou nou pa janmen separe
Yo pale nou mal – nou la
Yo di w m pa renmen w – nou la
Di m se mizisyen – nou la
Pap janm fè bonè w – nou la