Viv Noel-Kiks

Genre-Other
Year-2015
Featuring-Mikaben
Produced By-Mikaben
[Intro]
Mikaben
Yeah, Liszka

[Verse 1]
Depi sezon sa rive m pa ka tann pou m al fete
Randevou gentan kase, se noel oh
Zanmi fanmi ap rante, reveyon ap planifye
Gad kijan vil la byen klere

[Pre Chorus]
Mwen pa ka dòmi nwèl la pral rive
Lè m ap gade mwen wè zetwal yo vibre
Tonton Nwèl pral pote kado
Ane sa m pap fè zero, Plezi gaye

[Chorus]
Viv Noel
Son w epòk n ap tann chak ane
Viv Noel
Se yon sezon de charite

Oh oh oh oh

[Verse 2]
Tout lari chaje ak fannal ab de nwèl ak pidetwal
Pou tout moun an jeneral se Noel oh
Men pou sa k pa gen lajan nwèl la pote kè kontan
Annit louvre kè w tout senpleman

[Pre Chorus]
Mwen pa ka dòmi nwèl la pral rive
Lè m ap gade mwen wè zetwal yo vibre
Tonton Nwèl pral pote kado
Ane sa m pap fè zero, Plezi gaye

[Chorus]
Viv Noel
Son w epòk n ap tann chak ane
Viv Noel
Se yon sezon de charite

Oh oh oh oh

Nwèl la rive - Wey
tout moun pral fete – wey
Klorat pete – wey
Bweson pral koule - wey
Leve kanpe - wey
Tout moun ap ponpe - wey
Niska fè yo danse
Niska fè yo chante

Ton Nwèl pral pase – woy
Plezi gaye – woy
Kado pral chire - woy
Tout timoun pral jwe - woy
Nan tout Club tout sware - woy
Tout radio, tout DJ - woy
Fèt la nan tout katye

[Chorus]
Viv Noel
Son w epòk n ap tann chak ane
Viv Noel
Se yon sezon de charite

Oh oh oh oh