Zonbi Lanmou-Kompasoul

Genre-Konpa
Year-2015
Produced By-Peter M. Dumerjean
[Verse 1]
Depi kèk tan nan lavi m, mwen santi m dezanpare
Tankou yon vrè prizonye caution m pap janm “acquitée
Lavi m pa gen sans ankò
Mwen santi m ap elwanye m de jou an jou
M ta renmen rekonfòte w, men lespri m inanimé
M pa vle w panse ke m ap rejwi lè kò m ap sèvi avè w
M pa rancunier, m pa vle wè w soufri,
Tout sa mwen vle wè se bonè w
Ak imilasyon, abi san rezon rann mwen vide d’emotions
Mwen tounen yon zonbi, zonbi lanmou

[Chorus]
Lè ou gen yon moun nan vi w, se ou ki pou konn valè l
Si l renmen w san kondisyon, fò w ka trete l ak respè
Lanmou pa nesesite lajan, pa bezwen lò ni dyaman
Senserite senpleman ka evite w regrèt le temps

[Verse 2]
Pa panse se yon foli, s on desizyon reflechi
Gen lontan sa nan lespri m, obligasyon fè m potko pati
Destinasyon m inconnue, e li gentan twò ta m pap ka tounen
Fò mwen pran yon lòt chemen

[Instrumental bridge]

[Verse 3]
M pa ka mande mal pou ou, ou se manman pitit mwen
Sa pa nan tanperaman m doudou, e dayè w konn sa trè byen
Krim lajistis pa jije, se yo lesyèl kondane
M konnen w tande regrè, nou pap ka tounen dèyè

[Chorus]
Jenn gason, jenn fanm pa pran anyen pou acquis nan renmen
Lanmou se flanm nenpòt ti van l gentan prèt pou l tenyen
N ap viv nan yon mond kote bonte sinonim de naivete
Menm lè dèfwa w konfyan, toujou ret vijilan

[Guitar solo]

O ou wo
KS come on

[Keyboard solo]

[Verse 3]
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016