Jwenn Love-Polo Big Atis

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2013
Featuring-Papouche
[Intro]
Yeahh,
hey yorh Papouche i see you Brother.
Its all about love now you know!
Polo big atis

[Verse 1]
Mpap bòw manti sa fèm plezi, m'wèw vle gon bèl relasyon.
Mpap bòw manti sa fèm plezi,Anpil jèn kont vye pasyon.
Sa fèm santi nan peyi lanmou, sin vle ap gon bèl nasyon.
Malgrem santi,son chay ki lou, pou anpil Fanm ak Gason.
Mwen wè lanmou tounen lagè,tout moun pran zam pou Goumen,
Pifò sak marye kou kòk gagè,chak jou se zen Goumen.
Sa fèm santi gon baz ki pat fèt.
Se konsa desten tou wi ki ka trèt.
Si youn pat fèt pou lòt.
Ni matlo matlòt, pa bezwen bat lòt.
Annou just Pull up.
Menmsi kounyaw pakonn saw pral jwenn,menw raplew saw kite.
Menmsi kounya siw pa gen bon brain,wap mache tou bite.
Menmsi efòw vin pase anven,pou janw konnenw Lite.
Kounyam vle tou dousman pou di mwen,menmsouw Pèsekite.
Èske nan kèw,wi anndan kèw eske gon dènye Plas ?
Si kèw son lanmè love, èske pechè lanmou mèt tann nas?
Fòm byen diw mpa vlew al fè inosan peye pou koupab.
Map terminer verse sa map fòw konn manje pam nan‘L sou TaB.
[Ref. – Papouche 2x]
Mwen jwenn love,love,nan moman mpat espere.
Mwen jwenn love,love,nan yon tan ke mpat dezire.

[Verse 2 - PolobigAtis]
Lèm diw manje pam nan deja sou Tab,
Mvlew konprann vit.
Kounya batrim bon mpa pran kout kab,nan machin lavim.
Menmsim konnen byen se pa tout Fab,ki tchimen bon Kim.
Lel dim JE T‘AIME se 2 silab, sa yok fèm fè sweat dreams.
Pandan kounya Syèl la vin si bleu.
An menm tan lavi nou vin Sible.
Ex mennaj mwen di impossible.
Menm konnenm ka jere sa Sim vle.
Kèm son label, se ak sa‘l siyen.
Malgre lòt girl,vle asasinenl.
Mw menm avèl, se Act sa‘l siyen.
Bon grenn nan tè sesa nap Simen.
Kounya lè yap Fè appel, nan Class lanmou, mdi prezan an gran jan.
Em pa an kachèt ,madanm mwen lou,mfout afichem an gran plan.
Nan vizaj tout sak Fache.
San mpa priye imaj Taye.
Mizik sa son plon ki pati,polobigatis se sa‘l ye.

[Ref. Papouche 2x]
Mwen jwenn love,love,nan moman mpat espere.
Mwen jwenn love,love,nan yon tan ke mpat dezire.
[Bridge - Papouch]
Ou pa konnen kijanw fem viv Bb, Ou konblem nan tout sam anvi.
Ou se solèy lavim, ou se tout mwen , Tout mwen .
Avèw Bb msanti map viv.
Ou se dlo‘k koupe swaf mwen wi.
Mèsi Bondje mèsi,pou kado sa, Mèsi !
[Ref. Papouche 2x]
Mwen jwenn love,love,nan moman mpat espere.
Mwen jwenn love,love,nan yon tan ke mpat dezire.
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016