Rimè-Masters

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2000
[Refrain]
Don MC regle zafè dyare-w
Wa sonje BOP te pale-w
Don MC regle zafè dyare-w
Wa sonje BOP te pale-w


[Don MC]
Don MC rantre nan yon kay betay
Tout medam yo nèt aprann kung-fu
Fason yo hang fò w' wè yo se lougarou
..... kole, dèyè se veye y'ap veye fi
Istwa k' te vin fè-m pè
Ki te vin fè-m al konsilte doktè
Mwen te kòmanse pat wè klè
Tout sa m' gade mwen wè li troub
Lè m' gade yon moun mwen wè li doub
M' te gen yon batman kè
Si se vre gerizon-m anba tè
M' fè erè, m' toujou bliye met pantè
Sak te vin ban-m traz
Se lè m' wè madanm mwen nan baz lokal
Byen kanpe rezon lamò, m' pat pèdi moral
M' te toujou kontinye fè efò
Menm lè m' kouri pou lapli
Mwen tonbe nan gran rivyè
M'rele Bondye, m'di-l padone-m
Si m' fè erè, se sèl ou menm ki kapab jije-m
Se sèl ou menm ki kapab kondane-m
Ou menm sèl ki kapab sove-m
Pa ri B.O.P. se konsa l' ye
Ou devan m' dèyè oswa m'devan ou dèyè
Bab kamarad ou pran dife; met pawa latranp
Ou ri twòp, di twòp


[MC BOP]
Yo Don MC, w'ap regle zafè dyare-w
Konnen ke ou son père de famille
Ou gen yon fanmi pou w' jere, Don MC
Ou konnen ke m' renmen-w, Don MC
Sispann, fanm pap fini, OK, OK


[Refrain]
Don MC regle zafè dyare-w
Wa sonje BOP te pale-w
Don MC regle zafè dyare-w
Wa sonje BOP te pale-w


[Don MC]
Sa se yon bagay ki nan san-m
Ou renmen fanm, m' renmen fanm
What the hell, Don MC krezi jipon
Ou te vle pou m'te yon krezi kalson
Tou senpleman, m' gen de twa fanm kòm kliyan
Mwen pa nwi, mwen gen anpil fi
Konsa tou m' pran plezi san money
Yo ban-m ...., yo ban-m T-shirt, yo ban-m kepi
Yo rete lestomak mwen ak bon ji
Konsa m' pa regrèt bay yo enèji-m
Mwen pa nèg k'ap pran pòz protestan-m
Pou m' kase ... k'ap pran bib kòm kouvèti
Poutan anba bouboun nou se dèy
Nou mèt di anba bra-m po sekèy
Yo voye-n ak gwo locho
M'ap fout ekspedye nou tout pa kago
Ou pa krezi jipon tankou Don MC, BOP
Chak jou m'ap relax mwen nan baz mwen
Ak de twa nana gwo dada
Gwo midi m'ap bay zouti
Mèg Masters yo di m' tounen yon aransò nan sewòm
Medam yo voye-m mòn sanatoryòm
Yo refize m' pran plezi-m nan tout kafe-m
Yo la pou vin deranje-m
Gade mesye pa vin di-m anyen
Nou tout se menm tenyen
Kòman w ta vle m' pa renmen wè
Medam ti tèt kòsaj, ti bout jup byen high
Yo atire-m, yo agase-m si se pou sa
Nou te mèt di m'deja mare pakèt mwen pou lanfè
Randevou a te mèt pou simityè, zafè, zafè


[Refrain]
Don MC regle zafè dyare-w
Wa sonje BOP te pale-w
Don MC regle zafè dyare-w
Wa sonje BOP te pale-w


[MC BOP]
Yo Don MC, m'ta swete ou korije
Big Tray pale-w, Smoke pale-w
Don Camelo pale-w, BOP pale-w
Tout moun pale-w, ou pa janm korije
M' ta swete w' chanje avan
Randevou a pou simityè
Ou konprann sa m' vle di-w la
M'pa ta renmen al nan antèman-w paske m' pa gen vès
M'pa ta renmen al nan antèman-w
Mwen menm mwen pa met soulye, eske w' konprann
So tan ke m'al fè defisi, m'al achte vès, m'al achte soulye, man
Kite kòb mwen nan pòch mwen