Lanmou-TPO

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2015
Produced By-Marvens Bastien
Lyrics By-TPO
[Verse 1]
OK, yo di lanmou ka fè yon moun pèdi karaktè l
Li ka oze f on lòt pèdi kay ak tèl
Li fè moun chich, li fè moun bay
Li fè moun ret an vi, li fè moun die
Li mete kou kote k pa gen chèn
Li mete afeksyon kote k pa genyen l
Li fè tout mens transfòme an laj
Li fè tout gwo ponyèt transfòme an saj
Li fè tristès transfòme an jwa
Konsa li fè klète transfòme an nwa
Li ka eksite menm lè w meprize l
Ou ka pèdi bon sans ou si w pa metrize l
Li pa gen lespri, li pa gen chè
Li pa konn bese pri e li pa vann chè
S on bagay pèsonn pa ka egazante
Li konn rele w dèfwa w pa ka prezante
Li ka mache dèyè w san w pa mennen l
W ap santi w jennen nan lavi w si w pa genyen l

[Hook]
Lanmou g on jan li vire w tèt anba
Li fè w kagou, li fè w dou, li fè sou
Lanmou g on jan li vire w tèt anba
Li ba w lèspwa menm lè w nan fènwa

[Verse 2]
Yon senp ti jès, li ka fè w pèdi tout lisidite w
Li ka fè menm lonbraj ou ridikilize w
Fè moun kouri bri menm nan vi prive w
Mete devan w tout malè menm nan lavi prive w
Avè l tout obstak ka franchi
Tankou on gato, tout moun bezwen on tranch li
L ap fè w eseye menm lè w blanchi
Fè kè w kontan chak fwa w touche on branch li
Li ka chanje kè w, li ka fè bonè w
Li ka trase wout, lanmou ka mete w sou somè w
Li ka kenbe men w, planifye demen w
Mete sou chimen w, lanmou ka modifye desten w

[Hook]

[Bridge]
Nan fènwa...oh oh
Toujou gen lespwa, pa tann pita

Yeah…TPO
Mickael
Marv B.

[Keyboard solo]

[Hook]
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016