Pouki-Don Samy

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2015
Featuring-Fantom
[Intro]
Don Samy ak Fantom

[Verse 1]
Se chak jou mwen leve
sèvèl mwen prèt poul eklate
chak segond mape panse
lespri mwen vinn twò fatige
lavi s'on entewogasyon
Nou toujou ap chèche Solution
Don Samy ap mande pouki
pouki oh Bondye Pouki

[Refren]
Pouki lanmò chak jou, pase pran nou
Pouki lavi chak jou ap maltrete nou

[Fantom]
Pouki lavi enmi lanmò
Nan denyè lè se lil rele
La nati pa janm antò
But, se li nou toujou ap anmède
Sak pati, di ayiti pa yon peyi pou okenn moun rete
Sam ka di, se nou tout nèt ki pou met ansanm, poun fèl avanse
Dim pouki, tout sa ki te ale, kounya tounen
Yo bat pou yo fè'n toujou nan goumen
Timoun 3 zan kounya lage nan fimen
E pou pi piti, Pi gran pat trase chimen

[Refren]
Pouki lanmò chak jou pase pran nou
Pouki lavi chak jou ap Maltrete nou

Pouki Mwen gen diplòm
Mwen paka jwenn travay
Pouki lèm jwenn travay
Poum touche s'on lòt tray
Pouki mwen plen lajan
Mpa ka achte sante
Pouki lèm gen sante
Mpa ka gen lajan

[Refren]
Pouki lanmò chak jou, pase pran nou
Pouki la vi chak jou , ap maltrete nou

Pouki mwen gen yon fanm
Yon lòt fanm pasel pranl
Pouki yon fanm gon nèg
Yon lòt neg pasel pranl
Le monde depafini
Tèlman n vin pouri
Entèwogasyon vin plis
Chak jou nvin pi tris

[Refren]
Pouki lanmò chak jou pase pran nou
Pouki lavi chak jou ap maltrete nou