Selebre-Alan Cavé

Genre-Konpa
Year-2001
Lyrics By-Alan Cavé
[Verse 1]
Depi w tande lè sa a rive
Pa gen rete chita gade
Se leve pou al selebre
Wooo! Fèt la kòmanse
Tout laviwonn dede kanpe
Yap cheche kot plezi a ye
Kominote a deside djaye jouk tan solèy leve

[Chorus]
Woooy! - Gade yo
Woooy! - Yo prale selebre
Woooy! - Fèt la kòmanse
Woooy! - Yo tout prale danse

[Verse 2]
Machann fritay yo nan lari
Tout bak yo plen, yo byen gani,
Griyo a deja sou dife
Bannann tranpe nan dlo sale
Ban mwen 2 mak sosis souple
1 goud taso, 2 goud lanbi
Pa bliye mete bon kou pikiz
Madamn! Ban mwen l byen awoze

[Chorus]
Woooy! - Gade yo
Woooy! - Yo prale selebre
Woooy! - Fèt la kòmanse
Woooy! - Yo tout prale danse

Hey oh
Hey oh
Selebre selebre oh
Hey oh
Hey oh

Selebre! Selebre anye ma ro yo
Selebre! Selebre anye ma ro yo

Ala w fèt oh
Ala w fèt, mezanmi!
Ti jan sou kou masena
Ta di l pral nan madigra
Magaret pa janm pi bèl
L'abiye kon abdenwèl
Selebre l'pral Selebre!
Selebre l'pral Selebre!

Selebre! Selebre anye ma ro yo
Selebre! Selebre anye ma ro yo

Pa bliye pa bliye
Ban m yon kout selebride
Li mete se nan yon ti gode
Se chofe m bezwen chofe
Pa bliye pa bliye
Ban m mwen sòs mwen byen pike
Ban m manje m byen awoze
Selebre ma Selebre!

Depi’w tande selebrasyon ou konnen toujou gen bweson
Rhum barbancourt fè mikalaw

Jump up - jump up - junp up and whine
Bump bump bump and grind

Mesye banm yon ti asosi pou fè’m sou

Jump up - jump up - junp up and whine
Bump bump bump and grind

Selebre! Selebre anye ma ro yo
Selebre! Selebre anye ma ro yo
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016