Lwe Kris La-Djakout Mizik

Genre-Konpa
Year-2006
[Intro]
Yes se sa'k Djakout la

Yo ta renmen elimine'l
Poukisa
Yon sèl Djakout la
ke bondye voye edike pèp li

[Hook]
Pou fè on biznis mache, se on tèt chage
Pou'l ret sur le marche, se yon dezyèm tèt chaje
Paske lè’l fin pran pye ou sanse an danje
W’ap bezwen yon zanj ki pou pwoteje’w

Ou menm kap mennen, eske’w panse ou fè bill ou chak matin
Jodia zafèw ap mache sa pa vle di ou an sekirite
Sou tèt mòn nan ou piwo

[Hook]
Pou fè on biznis mache, se on tèt chage
Pou'l ret sur le marche, se yon dezyèm tèt chaje
Paske lè’l fin pran pye ou sanse an danje
W’ap bezwen yon zanj ki pou pwoteje’w

Get up stand up
Aba bachanay
Original still

[Verse 2]
E si ou ta tonbe a zero,
Konsidere bondye piwo
Li ba'w, sa'k inpotan
Ou gen 2 pye pou mache,
Ou gen 2 men pou sèvi
Gen dwa gen on lot ki pi mal pase'w
Sante ak libete, sa se pi gwo benediksyon
Nou gen pwoblèm, nou fe komsi nou pa kompran
Gade kijan jodi a n'boulvèse

[Shabba]
Fantik Djakout
He, He
Leve men dwat lan anlè
Konsa
Leve men goch lan anlè
Kite men yo anlè
Balanse pou'n lwe kris la

Lwe kris la (x2)

Mesi jesi, pou konpa ou ban nou
Fanatik yo rete fidèl

[Keytar]
Roro ou fè college papa
Regi ou menm son’w universite

Gade kijan on djazz move
Mamane ba yo leson

[Horns]

Site soley boulvèse,
Petyonvil boulvèse,
Ayiti boulvèse,
le monde entye boulvèse

Letenel di yon mo
Hear the children cry

Gade kijan on djazz move
Site soley boulvese,
Petyonvil boulvese,
Ayiti boulvese, le monde entye boulvese

Priye a monte
Gras la desan
Fe'm tande nou di
Amen gras la desan

Titi Pouch

[Keyboard]

Si ou aksepte Djakout la kòm pi gro djazz peyi a
Ou sove, ou sove
Si pa malè ou fè komplo pou kraze Djakout la
ou chire (x2)
Zanmi vin konveti
Konveti (x3)

Ah kwe nan laprye, Shabba

[Shabba]
Si yon moun fe peche ou pa konnen pou repanti
Al mande bondye padon
Ou rale zam sou fre, ou tire pow, pow
Al mande bondye padon
Gason ak fi kap fè adiltè
Al mande bondye padon
Vagabon ki soti pou pesekite Djakout la
Al mande bondye padon

Pryiè a monte
Gras la desan
Fèm tande nou di
Amen gras la desann

Ti ti ti ti Pouch

[Keyboard]

Men inivesite guita d'ayiti a
Ramase konpa

[Keytar]
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016