Pawol Pa Pou Mwen -Paul Beaubrun

Genre-Other
Year-2015
[Verse 1]
Pawòl anvironman pa pawòl pa mwen
Pawòl anvironman pa pawòl pa mwen
Bank bòlèt ak pil fratra fin tounen adrès
Lasante pa pou pèp se yon privilèj
Marigwen anba tant kap fè lago
Tout pi bon lopital pa pran sant chocho
Men fòk sa change
[Verse 2]
Pawòl edikasyon pa pawòl pa mwen
Pawòl edikasyon pa pawòl pa mwen
M wè yon pil etidyan ki san direksyon
Menm lèl fini lekòl mande pou ki rezon
Gen sak kite zanmi, gen sak kite fanmi
Pot entelijans nan tou pèdi
Men fòk sa change
[Verse 3]
Pawòl gouvènman pa pawòl pa mwen
Pawòl politik pa pawòl pa mwen
M wè wout gonayiv fin tounen dezè
Depi yon neg new yo rele’l chimè
Dan mòn yo griyen tankou dan Licifè
Rat la pa kaka men’l kaka sou twa fèy
Men fòk sa change
[Verse 4]
Pawòl ong pa pawòl pa mwen
Pawòl Minista pa pawòl pa mwen
Ti Mari ak Josette kale de je vèt
Di million dola pa pou avadra
Sou’w gen gwo bouda wa goute dola
Tann yon lòt di zan pou rekonstriksyon
Fòk sa change
[Outro]
Woy woy woy woy
Haiti sou lis pou eliminasyon
Machann nan mòn yo
Tout peyizan yo
Kilti lakay oh