Sa Pa Fè Anyen-Claude Marcelin

Genre-Konpa
Year-1985
Featuring-Jacqueline Denis
Produced By-Claude Marcelin
Lyrics By-Ralph Boncy
Verse 1]
Pa mande m pou kisa sa ka fèt
Mwen pa ka konnen
Sa s’on vrè mistè pou mwen
La famine ka tiye yon milyon moun
Sa pa fè anyen
Si ou jwenn pou kisa sa ka fèt
Pa rete chite
Jodi avan se twò ta, pran konsyans
Sove yon milyon moun avan yo kaba

[Refrain]
Voye manje, fè charite, se pa sa n vle
Wi n’ap soufri
Depi kòmansman
Depi lè kolon te vin dekouvri nou
Pran tout sa n genyen
Wi n’ap soufri
Depi kòmansman
Depi lè kolon te vin dekouvri nou
Pran sa yo bezwen

[Verse]

[Refrain]

[Guitar solo]

[Horns]

[Bridge]
Ou ban m manje pou yon jou
Mwen bezwen manje chak jou

[Refrain]
Voye manje, fè charite, se pa sa n vle
Pwovèb la di: Si’w ban m yon pwason, m’ap manje yon jou
Men si ou montre m peche m’a manje chak jou

[Drum solo]

[Verse 2]
Pandan prè de 300 zan, ou fè n travay pou anyen
Jodi a ou trè pwisan, ou di ou pa dwe n anyen

[Horns]

[Refrain]
Voye manje, fè charite, se pa sa n vle
Oh oh oh

[Keyboard solo]