Deja Kondane-Toxic

Genre-Konpa
Year-2010
Produced By-Jean Richard Bien-Aimé (Maestro Ricky)
[Intro]
Toxic…

[Verse 1]
Monpè m’vini kote w pou sove mwen
Pou peche m’komèt anvè Bondye, anvè madanm mwen
Pase g’on mè mwen rankontre, e mwen gentan desire l
Anyen poko rive, men nan lespri m sa k’ap pase a se peche

[Chorus]
Pou jan m’wè nou ye – Wi m’deja kondane
Pou jan m’wè n’ap karase – Wi m’deja kondane
Pou jan mwen wè bèl lanmou ap tonbe – Wi m’deja kondane
Wi m’kondane, m’bezwen yon priyè pou m ka sove

[Verse 2]
Oh oh oh….
Nan komandman yo l’ekri ke yon nonm pa dwe konvwate
Jou nòs la mwen te sèmante pou lavi fidèl m’ap rete
Tankou Adam, jodi a m’tante
Menm lè mwen poko mòde, men nan panse mwen sikonbe
Wi m’sikonbe

[Chorus]

[Keyboard solo]

Toxic…
M’pran nan tantasyon…ede m
Ede m…
Entre les deux, mon cœur balance
Sitiyasyon mande sajès

[Hook]
Di mwen si m’ap sove
Di mwen si m’ap sove
Di mwen si m’ap sove
Tanpri di mwen souple
Di mwen si m’ap sove
Oh, di mwen si m’ap sove
Di mwen si m’ap sove

[Verse 3]
Nan panse m mwen wè mwen menm avè l
Yo fè yon sèl
Nan kò n n’ap dekouvri tout ti sekrè
Je nan je, chè nan chè
Tanzantan nou poze, epi n rekòmanse
Tout sa mwen fè pou m efase panse sa refize lage

Monpè di mwen…

[Hook]
Di mwen si m’ap sove
Oh, di mwen si m’ap sove
M’ta renmen konnnen, m’ta renmen konnen oh
Di mwen si m’ap sove
Di mwen si m’ap sove
Di mwen si m’ap sove
Maestro Ricky, do your thing now

[Keyboard groove]
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016