Kè M'ap Chante-Jude Deslouches

Genre-Other
Year-2013
Produced By-Jude Deslouches
Lyrics By-Jude Deslouches
[Verse 1]
Ou se rayon solèy mwen
Ki klere jounen m, ki chofe mwen
Ou se bousòl lavi mwen
K’ap dirije mwen kote m’ap byen

[Pre-hook]
Cheri eske w ka konprann jan w posede mwen
Ou reprezante pou mwen tout sa m te toujou bezwen
Ou se enspirasyon mwen
Melodi kè mwen ape chante

[Hook]
La la la la
La la la la la la la la
Kè m ap chante
La la la la
La la la la la la la la

[Verse 2]
Ou se dlo fre k’ap koule
Andedan gòj mwen lè l finn seche
Ou se zanj Bondye ban mwen
Rezon lavi mwen, ou fè m reve

[Pre-hook + Hook]

[Bridge]
Ou transfòme mwen,
Ou fè mwen santi mwen byen
Avè w mwen vin wè san ou mwen pa anyen

[Verse 3]
Ou se pawòl ki sou chante m
Ou se sous enspirasyon mwen
Ou se yon melodi k’ap fè m souri
Lè kè m ap chante

[Hook]

[Outro]
Ou se pawòl ki sou chante m
Ou se sous enspirasyon mwen

[Hook]