Abandone-King Posse

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-1996
[Samy B]
Yon Samedi aprèmidi, lapli t' ape tonbe, mwen soti lavil
M' ape monte Petyonvil, pase mon Akil, se la ka trankil
M' sonje


[Vandame]
Yon jou menaj mwen vin wè-m, m' te lakay anmwen
Li anbrase-m epi n' chita, n' te tonbe pale
Apre bon dyalog fin tonbe, l' te pran manyen mwen
Mete-m sou sa nou toulède te tonbe karese


[Samy B]
Hey!
Doudou an nou chita pale
Pou mwen ka di-w sa ke m'panse
Pawòl ki dous pawòl ki vre
Pou mwen se sèl ou k'ekziste
Kwè-m sou vle ou son bebe
Piplis doudou ou son bote
Devan Bondye se ou mwen vle
Ou di-m: "Doudou fè-m sa ou vle"


[Vandame]
Imajine ke n' te très assoifés d'amour
Nou te nan pozisyon pou n' viv tankou de moun fou
Ki pa manje depi twa jou, k' vin jwenn yon biftèk
M' pa bezwen di-w se devore, dechire ak kout bèk
M' deja konnen fò m' pran plis prekosyon
Pou maladi oubyen yon bebe twò vit, fèt atansyon
Manmzel leve, l' vire, l' fache, l' vire do-l, l' ale
Menm yon bizou pa tonbe, alò m' abandone


[Refrain]
Abandone, m' oblije m' abandone (4x)
Yay yalalelelay yalalalelelay (3x)
Yay yalalelelay (repeat 2 lines)


[Vandame]
M' deja konnen fò m' pran plis prekosyon
Pou maladi oubyen yon bebe twò vit, fèt atansyon
Manmzel leve, l' boude, l' fache, l' vire do-l, l' ale
Menm yon bizou pa tonbe, alò m' abandone


[Refrain]
Abandone, m' oblije m' abandone (till fade)