Pèp La Vilnerab-Paul Beaubrun

Genre-Rasin
Year-2014
Lyrics By-Paul Beaubrun
[Verse 1]
Pèp la vilnerab, pèp la imoral
Pèp la bosal, pèp la penetrab
Yo di nou s’on pèp ki sòt
Men nou pap pran ze pou wòch
Pèp la san fanmi, pèp la santi di
Pèp la egri, pèp la toutouni
Tonè boule m nou pap ka efase n
Se sèl Bondye ki pou jije n
[Chorus]
Se relijyon sa a
Pale anpil sa a
Se misyonè sa a
Ki fè pèp la vilnerab oh
Chen manje chen sa a
Se manje chè sa a
Kraze agrikilti sa a
Ki fè pèp la vilnerab oh
[Verse 2]
Y’ap fè gran panpan
Y’ap fè propagann
Pandan nou lan prizon, yo touye Tison
Chak epòk gen pou l pase
Men tout manman siye dlo lan je
Nou pral lan granbwa, nou pral pile kafe
N’a jete dlo pou tout san ki koule
Men je ki rich pa janm wè je ki pòv
Men chak koukou klere pou je l
[Chorus]
Se gouvènman sa a
Se koudeta sa a
Pale anpil sa a
Ki fè pèp la vilnerab oh
Zafè koulè sa a
Moun anwo, moun anba sa a
Se zafè klas sa a
Ki fè pèp la vilnerab oh