Nwèl La Rive-Lionel Benjamin

Genre-Konpa
Year-1985
Featuring-Les Frères Déjean
Lyrics By-Lionel Benjamin
[Refrain]
Nwèl la rive, tout moun ap pare
Pou yo ale fete, pou yo ale danse
Minwi sonnen, ti Jezi tounen
Tonton Nwèl tuye chagren,
Nou pral reveyonnen

[Verse 1]
Chak ane mezanmi nou konnen l’ap tounen
Chak ane mezanmi nou pral reveyonnen
Se sèl jou sou latè pou n ta viv tankou frè
Ke fè cho, ke fè frèt, se tout peyi k sou fèt

[Refrain]

Mizik nwèl ape jwe, magazen dekore
Tout machann nan lari ape chèche lavi
Men fanal, pi detwal ak alimet Bengal
Abdenwèl sot Furcy oubyen etranje peyi
Ti jwèt tout kalite, n’ap toujou ka achte

[Refrain]

[Verse 3]
Radyo ape chofe, kabrit la byen pike
Barbancourt ak wiski gentan pèdi lavi
Amuses-gueules ap pase, moun poko sou danse
Timoun ki twò piti yo voye y’al dòmi, paske fèt yo fini
Tonton Nwèl pral vini
Radyo a anonse ke minwi pral rive
Tout moun prale kanpe, Jwaye Nwèl pral chante
Chanpay prale sote, fèt la pral kòmanse

[Trumpet Solo - Andre Dejean]

[Bridge]
Amuse-gueules ap pase, moun poko sou danse
Timoun ki twò piti yo deja al dòmi, paske fèt yo fini
Tonton Nwèl pral vini (Il est minuit)
Radyo a anonse ke minwi fèk rive
Tout moun leve kanpe, Jwaye Nwèl ap vole
Chanpay ape sote, fèt la fèk kòmanse

[Refrain]