Yo'k Pou Pè-T-Vice

Genre-Konpa
Year-2014
Featuring-Tony Mix
Produced By-Reynaldo Martino
Lyrics By-Roberto Martino
[Verse]
T-Vice k’ap fè hit
Epi n’ap gade yo k’ap fè vit
Oh oh oh oh, di yo
Yo bay manti
An piblik nou dezapwouve yo ak mizik
Oh oh oh oh, di yo

[Chorus]
Djaz sa a pa janm fè bak,
Nou pa janm fè lach
Yo vle met do n atè
E E e pa kounya
Djaz sa a pa janm fè bak,
Nou pa janm fè lach
Ou pa vle m egziste
E vre?

[Verse 2]
Nou toujou prè pou n afronte obstak lavi pote
Oh oh oh oh, di yo
Nou kondane pou n lite wo
Pandan lòt ap tann la mane tonbe
Oh oh oh oh, di yo

[Chorus]
Djaz sa a pa janm fè bak,
Nou pa janm fè lach
Yo vle met do n atè
E E e pa kounya
Djaz sa a pa janm fè bak,
Nou pa janm fè lach
Ou pa vle m egziste
E vre?

[Horns]
Tren an ale wi papa, devan n’ap gade
Bouboul, kite m ri yo

Mache sou kote
Konpa T-Vice la reloaded

[Guitar groove]
Men konpa
Wouy...ey ey
Ey ey
Ayiti k’ap chante sa a
Ey ey
Leve de men n anlè pou n chante

[Chorus]
Pa janm doute Jezi, kite l fè travay li
Pa janm dekouraje, jou pa w la gen pou l rive
Pa janm doute Jezi, kite l fè travay li
Twò prese pa fè jou louvri

Tony Mix shotta...

[Tony Mix]
M’tande Messi chanypon du monde - E pa kounya
M’tande Brezil gen 6 etwal - E pa kounya
M’tande Lafrans pral nan final - E pa kounya
Konpa T-Vice la reloaded - Wi se kounya, wi se kounya

[Chorus]
Pa janm doute Jezi, kite l fè travay li
Pa janm dekouraje, jou pa w la gen pou l rive
Pa janm doute Jezi, kite l fè travay li
Two prese pa fè jou louvri

Tony Mix again…

[Tony Mix]
W’ap mache di w se pi gwo djaz - E pa kounya
Y’ap fè konplo pou yo kraze Tony Mix, T-Vice - E pa kounya
Pou n sa fè deja, òrrr, yo gen pou yo fè l - E pa kounya
Konpa T-Vice la reloaded - Wi se kounya, wi se kounya
Don’t fear…

[Keyboard solo]
Zobodo, zobodo
To the groove now
Zobodo, zobodo

Dwèt sizo a, jwe pou yo

Sa k gen la konsa

[Chorus]
Nan tout katye se de Vice la y’ap pale
Nou fè aktyalite
Jan n’ap fè l la gen kè sote tout kote
Se sou nou yo branche
Se groove sa a menm fanatik yo t’ap chèche
Nou fè aktyalite
Menm sa k pran pòz pa dakò,
Se sou nou yo branche

[Hook]
Yo k pou pè (4x)
Yo k pou pè m

[Chorus]

[Hook]
Yo k pou pè (rpt)
Y’ap achte tenis, n’ap achte tè
Jan djaz la ap jwe la a, fanatik ouvè le kò