Mouche Tonton Nwèl-Carimi

Genre-Konpa
Year-1997
Produced By-Richard Cavé
Mwen konprann poukisa kè yo kontan
Mwen konprann pouki chagren pa nan je
Se pi bèl fèt la k’ape rive
Pi bèl fèt nan tout lane

Mwen konprann pouki klòch yo ap sonnen
Wooo…mwen konprann pouki tout vil la limen
Se pi bèl fèt la k’ape rive
Se Noël ki pral gaye

Nwit lan bèl, fanal yo deyò
Vil la chanje dekò, wi se Noël
Aswè a manman m mèt fache
Li mèt joure, l’mèt babye
Vwal mwen pran van, mwen pral fete

Ou wo, ou wo

Eske n ka imajine apre tout move tan
Apre tout kè kase moun yo ta vle chanje
Syèl la ta vini ble, swezo yo ta chante
Nwit sila a, se lanmou, men kontre n’ap fete

Mouche Tonton Nwèl, mwen gen yon nouvèl
Moun yo vle chanje, wi sa pral rive
Tout kè va kontre