Abdenwèl-Lionel Benjamin

Genre-Other
Year-1981
Lyrics By-Lionel Benjamin
[Intro]
Ding dong, ding dong, ding dong ding (4x)

[Hook]
Se mwen abdenwèl ki pou fè nwèl ou bèl (2x)

[Verse 1]
Depi mwen piti, mwen te toujou di
Fò m pouse rasin pou m kapab byen grandi
Fòk mwen vin gwonèg pou yo wè m anfòm
Pou mwen byen kanpe pou yo wè m tou pare
M'a desann lavil sou yon do kamyon
Fò w fè ti soufri anvan w'al nan salon
Men jou nwèl rive, si m byen abiye
Se mwen ki pou fè ke nwèl ou vinn bèl

[Hook]

[Verse 2]
Jou 24 rive fò m byen dekore
Met girlande sou mwen, ou pa bezwen jennen
Mwen renmen limyè k’ap limen tenyen
Ban m anpil limyè ak zetwal nan tèt mwen
Mete boul nan kè m, yo mèt tout koulè
Men pa bliye pye m, yon ti mous pou chofe m
Met ‘on ti Bondye menm si l anba pye m
Se sa ki pou fè ke nwèl ou bèl

[Hook]

[Verse 3]
Lè nwèl finn pase, jou Lèwa rive
Mwen fin deseche, yo jete m nan dife
Men m'fè sa pou m fè, m'pa regrèt anyen
Yon nwèl fin pase, yon lòt va tounen

[Hook]