Kouzen-Jean Jean Roosevelt

Genre-Other
[I]
Yo toujou di anvironnman an danje
Men mwen sèten gen bagay ou inyore
Kouzen , pran ti chèz ba w’ pou n’ koze
Kouzen èskew konnen bagay yo grav
Bagay yo grav o
Woyowoyowoyowo woyowow
Bagay yo grav o

[II]
Chak ane pliske 150 mil aysiyen fèt o
Nan menm moman richès n’ap disparèt
Pye bwa zwezo , zannimo tout fin ale
Bay la wont , la mizè koumande
Lespwa n’ yo , rèv nou yo antere
Pa fasil pou n’viv pliske 50 an
Kouzen mwen kwè w’ gen lòsyè konprann kouzen
Kouzen , èske w’ santi bagay yo grav o
Bagay yo grav o
Woyowoyowoyowoyowoyo
Bagay yo grav

Si m’ ta pran pou m’ pale
Woyoyoy sim ta pran pou m’ pale
Chak ane, n’ap fè plis pitit n’ap vin pi pòv
Chak ane nou koupe 50 milyon pye bwa
Chak ane anpil frè n’ ak sè n’ yo sinistre