Pwen Final-BIC

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2012
Featuring-Steeve Khé
Lyrics By-Roosevelt
[Refrain]
Si l deja mouri kite l ale
Si l deja travèse kite l kontinye
Pyès kretyen vivan sou latè pa vin pou rete
Priye pou li, fèmen sèkèy la, kite l ale

Au nom du père et du fils
Papa ak pitit ki bay lavi
Au nom du Saint Esprit ki diferan de Ogou Badagri
Yon sèl Dye an twa pèsonn fè chak pèsonn sanble Bondye
Avèk diferans ke yon jou nan yon sèkèy n’ap alonje
Lavi blengendeng, plezi, soufrans – gen desann, gen monte
Lanmò ti landeng di ke nenpòt sa k’ monte fò l desann
Lè yon moun mouri s’on ekwasyon de pye kout pran devan
Depoze l nan simityè a epi an n pike douvan
Viv, viv paske se sa ki esansyèl
San inyore fò n mouri si n gen entansyon al nan syèl
Diskou sou lanfè ak paradi deja plen zòrèy nou
N’ap bouke opine de yo lè n kouche ap gad tèt zòtèy nou

[Refrain]
Si l deja mouri kite l ale
Si l deja travèse kite l kontinye (Men se Bondye ki rele l)
Pyès kretyen vivan sou latè pa vin pou rete
Priye pou li, fèmen sèkèy la, kite l ale (Louvri chimen a pou l ale)

Vlope m, mare m, antere m nan vye nat la
Pou sa k pa gen lajan sa se opsyon dènye zèl kat la
Gen lòt ki se bèl sèkey dore pou ti sezi vin adore
Nan vokabilè Tonton Bicha, “tout mò se malore”
Gen moun ki mande mouri akoz de yon moun ki mouri
Poutan lanmò pa souri ak sa k pa prè pou peri
Mwen menm, jou m’ale kolekte de twa bon beat
Mete DJ nan lari menm si m’pran nan yon mò sibit
Taktik, tik tak, chak segond ki leve pye l, gen yon tan kape pase
Krak krik, krik krak, pande ke m’ap leve pye pa m tou gen lòt k’ap trepase
Gen moun ke lanmò vin pran nan salon l
Gen wondonmon ki fè l mache jouk li kraze talon l
Gen moun lanmò pran kou ti vakabon
Men gen lòt avèk respè l mete “M” devan non l
M’pa konn kijan m’genyen pou m ale
Men an palan de lanmò mwen pa vle mouri san pale
Tankou ‘on vètè ou anbale, antere m
E si li posib pou n wè anwo n’a pale

[Refrain]
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016