Illusion-Nu-Look

Genre-Konpa
Year-2007
Produced By-Arly Lariviere
Lyrics By-Arly Lariviere
Lè mwen t’ap grandi, m'pat konprann lavi, m'te konn bay manti
Paske mwen te vle kache verite k’ te konn fè'm kriye
Bay moun responsab relasyon k' pat stab, chans te gwo koupab
Se ak maturite m'vinn reyalize se te destine m

Lavi'm se yon mistè, yon etènèl illusion
Aimer à l'imparfait se seul conjugaison m
Si desten te ban m chwa, m’tap evite les pleurs
Ni douleur,ni malheur pa t’ap obstruer bonheur m

Pa kwè nan reziye, mwen plis kwe nan lite
Mwen pa kwè nan detwi, mwen plis kwè nan konstwi
Pa kwè nan abandon, mwen plis kwè nan pardon
Kè m pare pou'l renmen, domaj ke se an ven

O, si desten te ban'm chwa, m’tap evite les pleurs,
Ni douleur,ni malheur patap obstrue bonheur'm
Pa kwè nan reziye, mwen plis kwè nan lite
Mwen pa kwè nan detwi, mwen plis kwè nan konstwi
Pa kwè nan abandon, mwen plis kwè nan pardon
Kè m pare pou'l renmen, domaj ke se an ven

O
Nu-Look
O Papa Bondye pouki se mwen menm ki toujou ap pase mizè,
Ki pa janm bouke plenyen san'm pa fè anyen
O non non non non, mwen pa egzijan
Depi moun nan konprann mwen, depi moun nan ka renmen'm
M'ap pran'l ak bra ouvè

Mwen avèk lanmou nou fè menm wout chak jou
Men pou yon rezon nou pa janm bay lanmen
M'pa swete pèsonn janm nan sitiyasyon
Pou tounen yon viktim san ou pa menm fè krim

[Keyboard solo]

La la la la la
Paz, Touche'm Dous
Junior Port-de-Paix ap fete
Nènè, yo di m ou an plus
La la la la la

Tout sa mwen eseye, mezanmi mwen echwe
(David gran frè'm mwen mele)
Eske mwen kondane pou vi mwen malheureux
(BS patne'm m'antrave)
Tout sa mwen eseye, mezanmi mwen echwe
(Gerald the best, mwen mele)
Eske mwen kondane pou mwen pa janm heureux

Lanmou s’on zam a doub tranchan, se yon mal nesesè
San li menm lavi'w s’on lanfè, se yon pact ak Lucifer
Eseye pa pi gwo peche, mwen p’ap dekouraje
Mwen konnen g’on jou k’ap pou mwen
Bondye pa bay pèn san sekou

Tout sa mwen eseye, mezanmi mwen echwe
(Country patnè m mwen mele)
Eske mwen kondane pou vi mwen malere
(ZIgizag patnè m m’antrave)
Tout sa mwen eseye, mezanmi mwen echwe
(Ralph Shackleton, mwen mele)
Eske mwen kondane pou mwen pa janm heureux

Lanmou s’on zam a doub tranchan, se yon mal nesesè
San li menm lavi'w s’on lanfè, se yon pact ak Lucifer
Eseye pa pi gwo peche, mwen p’ap dekouraje
Mwen konnen g’on jou k’ap pou mwen
Bondye pa bay pèn san sekou

[Horns]

Petit Richard Urbain
Nu-Look

;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016