A 3-T-Vice

Genre-Konpa
Year-2006
Gen de pawòl ke n'oblije pale menm si'n pa vle,
Menm si yo dwòl fòk nou panse avan
Gen tèt kase, lè'w nan situation,
W'oblije jwen solisyon
lanmou ak relasyon yo pa mache san solisyon

[Chorus]
Wo ou wo ou wo woo
It's every man's fantasy,
But I think it's too risky
Wo ou wo ou wo woo
Yo di se sa tout gason vle
Wo ou wo ou wo woo
Men m panse li trò riske

Sa gen 3 zan mwen damou yon bèl bebe yeah
Renmen'l tèlman se zafè mariaj nape diskute yeah,
Yon jou li dim baby mwen ta renmen fè'w plezi,
Lè m mande l sa vle di li dim
I know every man's fantasy...

[Bridge]
Mwen jwenn ate yon propozisyon
Mwen tap cheche anle,
Yon profesè ki te dim sa le mwen te teenager,
Tout gason fantasme sou fè lanmou a 3
Men lè gen a pedu fòk ou panse 3 fwa!

Bon si'l renmen'l
Li chanje, jalouzi
Tout sa ka rive eeeeeeee.

[Guitar Solo]
Gadon desizion
Wap gadem map gadew
Mezanmi apaw sezi, konpa

Yon desizyon kap toumante'm
Bagay sa a du mesye ede'm
M'anvi fè'l men jwèt sa sanble'l two riske
Pa vle'l kite pa vle'l ale renmen'l anpil pa vle pedi'l
M'anvi fèl men jwèt sa sanble'l two riske.
Si'm pat damou sa patap konplike - Woohoh
Tout la jounen map panse konsekans - Woohoh
Sim deside dil non sak ka rive - Woohoh
Et sil ta deside fel san mwen - Woohoh
Jwet sa sanble l twò riske

Pou mwen lanmou sa fèt a de
Pou mwen relasyon se a de
Yo di mwen old fashion
Genle map viv na yon lòt mond,
Yo dim se sak a la mode
Men m pa neg ki nan dezod,
Vinn dim non ti papa oh oh ou menm ki fe'l deja.

James Cadozo bon bagay - li fèl deja
Reynaldo dim li bon - li fèl deja
Fayet dim la fèl anko - li fèl deja
Ou menm ki kanpe devanm nan wa dim ou pap fèl - li fèl deja

New York city di laksepte - li fèl deja
Miami di li dakò - li fèl deja
Haiti tout moun deva - li fèl deja
A Paris tout moun dakò - li fèl deja
E ou menm ki poko fèl la
Ou pako never say never

Richie m pran konsey la wi, map fè’l papa
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016