Jwenn-Alan Cavé

Genre-Konpa
Year-2007
Mezanmi
Pwoche pi pre pou m' rakonte n'
Yon koze sou yon bèl bebe
Vini pou m' di n' kijan mwen jwenn

Jwenn jwenn jwenn jwenn jwenn
Jwenn ak yon bèl bebe
Jwenn jwenn jwenn jwenn jwenn
Jwenn ak yon bèl bebe

Mwen jwenn yon fanm ki fe m' konnen
Kisa lanmou jwenn nan renmen
Mwen jwenn yon fanm ki ban m'kouray
Pou mwen leve tous les matins
Mwen jwenn yon fanm ki lè m'chagren
Ka konsole m' pran m'ak de men l'
Mwen jwenn yon fanm le l'ap mache
Li bay soley rezon leve

Mezanmi mwen jwenn
Jwenn jwenn jwenn jwenn jwenn
Jwenn ak yon bèl bebe
Jwenn jwenn jwenn jwenn jwenn
Jwenn ak yon bèl bebe

M'jwenn yon fanm ki lò m' kriye
Seche dlo nan je mwen
M'jwenn. Yon fanm ke m'ka parye
L'ap toujou ret kote mwen
M'jwenn yon fanm si se pat li
M'pa konn kote lavi m'ta ye
Mwen jwenn yon fanm
Chack fwa mwen wè l'
M'anvi tout fanm sanble avè l'

Mwen jwenn yon fanm lè l'ap domi
M'anvi l' bwote m'nan rev l'ap fè
Mwen jwenn yon fanm senp kou bonjou
Youn ap di lòt tous les matins
Mwen jwenn yon fanm vyèy pete je m'
Si l'pa ta la tonnè kraze m'
Mwen jwenn yon fanm an veriye
Li k'fè Bondye egziste

Mezanmi mwen jwenn
Jwenn jwenn jwenn jwenn jwenn
Jwenn ak yon bèl

Mezanmi m'jwenn wi la a
Yon bèl bebe, pa ta di yon ti poupe
M'renmen jan manmzèl mache
Depi m' wè l' ke mwen sote

Mezanmi m'jwenn wi la a
Yon bèl bebe (yon bèl bebe), pa ta di yon ti poupe
M'renmen jan manmzèl mache
Depi m' wè l' ke mwen sote

Mwen fou pou li, wi se verite
Dekontwole pou li nèt ale
Vle livre tèt mwen ba l' san rete
M'fin egare mwen chavire
M'vle mennen li mennen l' toupatou
Fè lanmou ave li toulejou
Prezante li nan tout lakou
She is my boo, my only boo

M'jwenn yon bèl bebe.
Yon bèl bebe
Pa ta di yon ti poupe

Gade kijan yon fanm fè m' fou
Gade kijan m'jwenn yon boo

Imajine m'jwenn yon bebe
Tout lajounen m'vle kajole l'
Imajine m jwenm yon bebe
Tout lannwit li m'ap reve
Imajine, imajine, imajine, imajine

Imajine m'jwenn yon bebe
Tout lajounen m'vle kajole l'
Imajine m jwenm yon bebe
Tout lannwit li m'ap reve
Imajine, imajine, imajine, imajine