Banm Yon Ti Limyè-Manno Charlemagne

Genre-Other
Year-1990
Produced By-Manno Charlemagne
Lyrics By-Manno Charlemagne
Ban m yon ti limyè mèt
Ban m yon ti limyè pou m wè sa k’ap pase
Ban m yon ti limyè mèt
Ban m yon ti limyè souple pou m ka wè

Poukisa se nèg yo fè soufri
Poukisa se nèg yo fè sòt
Poukisa nèg paka manje
Poukisa yo mande lanmò

Jan yo di lavi dous
Men se pa tout moun ki jwi privilèj sa a
Gen yon seri de mo se pou yon kategori yo egziste
Bonè, jwa, kontantman ak gete — yo pa janm jwi moman sa yo
Yo la y’ap viv o jou le jou, an esperan yon mye demen

Si n’ap ret chita tann nou gen pou n pase tout vi n nan sal datant
Manman nou te ladann, papa nou te ladann
Nou menm menm nou rantre ladan li pi rèd
Se touse ponyèt nou pou n lite
Car la manne pa tonbe ankò

Solèy a klere pou nou tout
E nou tout va jwenn menm chalè
Solèy va klere pou nou tout
E nou tout va jwenn menm chalè
Solèy va klere pou nou tout
E tout moun va jwenn menm chalè
Tonè

Ban m yon ti limyè souple
Ban m yon ti limye tonè
Ban m yon ti limyè