Ou Se-Harmonik

Genre-Konpa
Year-2013
Produced By-Harmonik
Ou se richès mwen
Ou se pòvres mwen
Ou se jenès an mwen
Baton vyeyes an mwen
Ou se alegrès mwen
Ou se tristes mwen
Ou se tou Sam genyen
Ou Banm aspirasyon Viv

Ou met fe de mwen sa ou vle
Mwen few kado tout nanm mwen
Till the end of time
Ou met fè de mwen sa ou vle
Mwen fèw kado tout avni mwen
Anything that you want

Ou se reflè mwen
Ou se panse an mwen
Ou se lè m'respire
Ou bay nanm mwen Manje
Ou se somèy mwen
Ou se langaj an mwen
Ou se Mizik mwen Jwe
Ou Banm aspirasyon Viv

Ou met fe de mwen sa ou vle
Mwen few kado tout nanm mwen
Till the end of time
Ou met fè de mwen sa ou vle
Mwen fèw kado tout avni mwen
Anything that you want

Pou ou map chanje tout defom yo
Pa gen yon bout nan kèm ou pa déjà wè paske m' Ba ou tout Sam ye

Si Pyem chape
Ki te mele m kitem tonbe pou ou
Sim pran rele
Ki te mele m kitem rele pou ou
Si Pyem chape
Ki te melem kitem tonbe pou ou
Siw wè m'aji tankon ti bebe se paske mwen damou

Ou se ou se ou se
Ou se mèt mwen propriyetèm
Ou se ou se ou se
Ou se dlo m'anvi bwè chak jou
Ou se ou se ou se
Ou se klartem obscuritem
Ou se ou se ou se
Ou se model mwen imite
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016